“Mwen kanpe avèk APA kòm yon anseyan-lidè non sèlman pou amelyore sistèm edikasyon an men tou pou prepare sitwayen lidè ki gen sans responsablite epi ki gen kapasite, pou fè tèt yo vanse kòm lidè pou zòn pa yo epi pou peyi nou an.”
Benjamin
Auguste
Gros-Morne
“Sistèm edikasyon ann Ayiti a bezwen gason ak fi ki vle chanjman. Mwen pare pou m patisipe nan chanjman sa a.”
Chim
Sorel
Gros-Morne
“Nou dwe bay edikasyon valè. Se deja rèv mwen pou m travay kòm yon bon jan anseyan-lidè.”
Cubano
Edouard
Gros-Morne
“Mwen pare pou m travay kòm yon anseyan-lidè paske mwen ta vle, mwen vle e m ap vle pou yon misyon tankou pa Anseye Pou Ayiti a mache pou sistèm edikasyon peyi nou an.”
Cyley
Fragilus
Gros-Morne
“Mwen kwè nan misyon APA a, e mwen vle ogmante konpetans mwen kòm yon bon kalite anseyan-lidè epi mwen vle kontinye fè pwogrè ti pa ti pa anndan sistèm edikasyon an.”
Dieudonn
Philogene
Gonaïves
“Mwen pare pou m ofri sipò mwen nan zòn mwen ak nan peyi mwen pou tout timoun jwenn bon jan ansèyman ann Ayiti.”
Francillon
Fleurijean
Gros-Morne
“Tout moun ki vle pwogrè nan sistèm edikasyon an ann Ayiti dwe ede APA. Mwen prè pou m sèvi ak fòmasyon mwen resevwa a pou ede elèv travay pi byen, pou ede lekòl yo mache pi byen la, epi pou peyi a mache pi byen.”
Frantz-Baby
Kermeus
Mirebalais
“Mwen pare pou m travay kòm yon anseyan-lidè paske misyon APA se misyon pa m. Mwen dwe mete men nan travay la.”
Fredo
Cadet
Boucan Carré
“Mwen vle pou m byen ekipe pou m gen yon sal klas modèl. Aprè, pou m ede simaye modèl la nan avantaj tout elèv.”
J
Dioumy
Mirebalais
“Mwen pare pou m ofri konesans mwen, ak ladrès mwen pou pote bon jan èd pou frè mwen ak sè mwen k ap viv nan zòn defavorize.”
Jasmithe
Douyon
Mirebalais
“Mwen pare pou m travay kòm yon anseyan-lidè paske misyon APA a pral pèmèt mwen patisipe nan devlopman peyi mwen. Sa enpòtan anpil.”
Jean-Vigny
Saint-Jules
Gros-Morne
“Nan tout sosyete modèn, yon bon kalite edikasyon sèvi kòm baz pou devlopman ak chanjman.”
Job
Moise
Gros-Morne
“Apwòch APA a pral ogmante rannman edikasyon ann Ayiti sou baz envestisman nan fòmasyon anseyan-lidè yo.”
Jose
Schimelda
Gros-Morne
“Mwen pare pou mwen sèvi peyi mwen e ede elèv yo pou nou tout kab bay kout men pou rebati Ayiti.”
Maurisso
Moise
Mirebalais
“Mwen pare pou m travay kòm yon anseyan-lidè paske mwen vle yon bon kalite edikasyon pou tout moun ann Ayiti.”
Oll
Honorat
Gonaïves
“Mwen pare pou m travay kòm yon anseyan-lidè paske mwen vle pèfeksyone metye mwen pou m ka pran bon jan desizyon kòm pwofesè.”
Prusta
Phimerlus
Gonaïves
“Misyon APA a pral transfòme lavi elèv nou yo.”
Sophiadona
Scaide
Mirebalais
“Misyon APA a ap lite kont inegalite nan kesyon edikasyon epi l ap mete presyon pou vin gen bon jan edikasyon. Chak sitwayen dwe resevwa bon kalite ansèyman pou yo kapab rive fè tout sa yo kapab fè.”
Sorel
Valentin
Gonaïves
“Kòm sitwayen motive, mwen vle ofri sipò mwen pou amelyore sistèm ansèyman an ann Ayiti. Mwen vle patisipe nan devlopman peyi mwen paske sèvi peyi w se yon devwa.”
Stervens
Jean-Louis
Gonaïves
“Kòm sitwayen Ayisyen, mwen vle met men nan manman travay k ap fèt pou rezoud pwoblèm ki anndan sistèm ansèyman nou an. Tout timoun ayisyen merite jwenn menm chans yo pou yo reyisi.”
Toussaint
Durame
Mirebalais
“Edikasyon se chemen ki va mennen nou nan devlopman ki garanti devlopman sou fondasyon solid pou tout moun k ap viv nan peyi a.”
Violette
Volcy
Gros-Morne
“Mwen dakò travay ak APA pou mwen pote kole nan chanjman radikal sistèm ansèyman ann Ayiti. Kon sa, demen n a gen sitwayen ki onèt, sitwayen ki gen san responsablite epi ki motive.”
Willem
Meus
Gonaïves
“Nou kab vin gen yon bon jan sosyete parapò ak sa nou genyen jodi a ann Ayiti epi lè nou envesti nan yon chanjman total nan sistèm ansèyman an.”