chevron carousel-svg hamburger close

Mouvman òganizayson Anseye Pou Ayiti a vle reyini tout moun – ni ann Ayiti ni nan lòt peyi – pou apiye gran chanjman nan rezilta edikasyon pote pou tout timoun, pandan l ap demanti tout lide ki ta vle fè kwè se povrete yon peyi ki detèmine kapasite li.

Lokal: Lekòl Fondamantal

Anseye Pou Ayiti pral asire anseyan-lidè nou yo travay nan lekòl fondamantal nan zòn entèvansyon nou yo kote yo pral gen anpil enpak, amelyore rezilta elèv yo epi bay lavi yo yon lòt direksyon. Anseyan-lidè yo pa ranplase anseyan ki deja egziste yo, men pito pou yo ogmante kapasite lekòl fondamantal ki deja egziste.

Ak ki lekòl lokal APA ap kolabore kounye a? Plis pase 90 lekòl jiska ane eskolè 2020-2021, nan 5 kominote patnè — Gwomòn, Gonayiv, Mibalè, Boukan Kare & Ench.

Yon patenarya entènasyonal

Anseye Pou Ayiti etabli yon patenarya ak òganizasyon “Teach For All”. “Teach For All” se yon rezo entènasyonal ki gen òganizasyon lokal ki endepandan epi ki gen finansman pa yo. Apwòch Anseye Pou Ayiti se pou n sèvi peyi nou, selon kontèks pa nou, epi nan yon fason ki respekte kilti peyi a.

Mèsi Tout Patnè Nou Yo!

Echoing Green ● Fondation Digicel ● Herbert & Nell Singer Foundation ● Ansara Family Fund ● Dimagi, Inc. ● Skees Family Foundation ● Calvary Church ● Flora Family Foundation