Rapò Anyèl 2019

Lidèchip
transfòmasyonèl
pandan 5 lane

Nedgine Paul Deroly

Mesaj Direktris Jeneral nou, Nedgine Paul Deroly

Ko-Fondatris & Direktris Jeneral

Se yon onè pou m kanpe ak manm fanmi Anseye Pou Ayiti pou n lanse yon mouvman pou elimine inegalite ak enjistis nan sistèm edikasyon nou an ann Ayiti. Nou se desandan zansèt ki te ban nou 1804, zansèt ki te kanpe pou jistis. Pandan jenès mwen, paran m te mete aksan sou enpòtans idantite, istwa ak kilti. Se respè pou eleman kle sa yo ki kontribye a nesans mouvman Anseye Pou Ayiti nan 2014.

Men se pa mwen menm, kòm fondatris, ki se Anseye Pou Ayiti. Selon Maya Angelou : « Mwen se 1, men mwen kanpe tankou 10,000. » Mwen se yon sèl manm nan fanmi ki se Anseye Pou Ayiti. Nou se Anseye Pou Ayiti. Nou se anseyan-lidè, anbasadè, aprenan, manm ekip ak konsèy administrasyon an, paran, manm kominote yo. Kounye a, genyen plis pase 5,000 manm nan fanmi sa a. Nan tèt ansanm nou konnen Ayiti pral reprann plas li tankou yon peyi ak enfliyans. Fwa sa, se egalite nan sistèm edikasyon an k ap pèmèt nou reyisi nan yon nouvo revolisyon kiltirèl.

Mwen pa jwenn mo pou m remesye tout moun ki te kanpe avèk nou depi lè mouvman an te kòmanse – depi lè Anseye Pou Ayiti te yon rèv. Mouvman sa se yon efò k ap bezwen moun ki soti nan plizyè jenerasyon, ki kanpe sou fondasyon Toussaint, Dessalines, Catherine Flon, Charlemagne Péralte, e anpil sitwayen k ap defann libète nou jiska prezan. Pouvwa nou tankou pèp se yon pouvwa ekstwaodinè. Lidèchip kolektif ak yon vizyon pou n atenn ekselans ap pèmèt Anseye Pou Ayiti kontribye a yon transfòmasyon. N ap chanje menm jan moun nan lòt peyi konprann Ayiti – ranplase tout sa yo konn itilize pou yo dekri Ayiti, kounye a mete aksan sou espwa, resous lokal ak yon sistèm edikasyon k ap ekipe sitwayen. Mouvman nou an ap pouse pi devan e fòk nou reyisi. Mèsi tout moun pou sipò ak solidarite nou. Men anpil, chay pa lou !

Objektif 2020

Ekipe 20,000 lidè sivik pou 4 milyon timoun ann Ayiti.

Anseye Pou Ayiti ap travay ak kominote nan peyi a pou n kreye yon rezo lidè sivik e pou n bati yon sistèm edikasyon ki chita sou egalite, sou istwa peyi nou an, sou valè moral ansanm ak yon vizyon kolektif.

Enpak

Apwòch nou santre
sou kominote a

Nou rekrite kandida nan kominote nou yo, nou gen patenarya ak lekòl e anseyan nan kominote nou yo, epi nou òganize seyans devlopman pwofesyonèl ak manm kominote nou yo. Nou kwè solisyon egziste nan kilti, koutim ak kominote nou yo.

Mezire enpak selon relasyon nou ak kominote a

N ap envesti nan 5 kominote patnè – k ap reprezante “kominote modèl” – pou n ekipe anseyan, aprenan, paran, direktè lekòl ak alye kòm lidè sivik nesesè pou mouvman an reyisi. Se nan sal klas n ap enplemane aktivite APA yo; men, se nan kominote yo chanjman yo ap fèt.

Gwomòn
Kantite Lekòl Patnè 14
Kantite Anseyan-Lidè & Anbasadè 27
Gonayiv
Kantite Lekòl Patnè 26
Kantite Anseyan-Lidè & Anbasadè 57
Ench
Kantite Lekòl Patnè 4
Kantite Anseyan-Lidè & Anbasadè 11
Boukan Kare
Kantite Lekòl Patnè 2
Kantite Anseyan-Lidè & Anbasadè 5
Mibalè
Kantite Lekòl Patnè 19
Kantite Anseyan-Lidè & Anbasadè 54

Transfòme Ansèyman ak Aprantisaj

APA ap transfòme kilti ansèyman ak aprantisaj atravè Ayiti, par egzanp:

  • Entegrasyon lang kreyòl tankou yon zouti fondamantal nan pedagoji.
  • Pwone konpreyansyon nan plas aprann pa kè an jako repèt.
  • Ankouraje travay an gwoup nan tèt ansanm.
  • Analize done pou swiv pwogrè ak rezilta aprenan yo.
  • Reyalite kominote yo tounen motè pouvwa - filozofi nou konsèwnan ansèyman ak aprantisaj nan sal klas bay kominote lokal yo lavwa pou n devlope konpetans aprenan yo kòm lidè kominotè.

Rezilta

Mouvman nou an ap pwogrese atravè rekritman , patenarya ak lekòl e lidèchip anbasadè nou yo

Rekritman

0

anseyan-lidè rekrite pou pwogram lidèchip transfòmasyonèl nou

0+

kandida kalifye aplike pou 50 plas nan kowòt 2018

Kantite kandida
2015-2019
‘15
‘16
‘17
‘18
‘19
4000
3200
2400
1600
800
0
238 680 1375 2314 2967
Anousse Prospère

Mwen kanpe avèk APA kòm yon anseyan-lidè non sèlman pou amelyore sistèm edikason an men tou pou prepare sitwayen lidè ki gen sans responsabilite epi ki gen kapasite, pou fè tèt yo vanse kòm lidè pou zòn pa yo epi pou peyi nou an.

Anousse Prospère, Anbasadè, Kowòt 2015

Lekòl Patnè

0+

aprenan jiska prezan atravè 65 lekòl patnè

0%

mwayèn reyisit atravè sal klas anseyan-lidè nou yo - doub mwayèn nasyonal epou nivo fondamantal.

Kantite lekòl patnè
2015-2019
‘15
‘16
‘17
‘18
‘19
100
80
60
40
20
0
15 33 46 65 80
Bendjimy Pierre

Solisyon yo egziste. Se kominote a ki di ki byen yo ta renmen wè pou timoun yo, ki mòd moun li ta renmen ti moun yo vin ye demen.

Bendjimy Pierre, Anseyan-Lidè, Kowòt 2017

Lidèchip anbasadè nou yo

0%

anbasadè (gradye) kontinye travay dirèkteman nan domèn edikasyon.

0

jwenn pwomosyon kòm manm direksyon nan yon lekòl.

Kantite anseyan-lidè ak anbasadè
2015-2019
‘15
‘16
‘17
‘18
‘19
250
200
150
100
50
0
208 155 105 65 30
Dewenty Pierre Alphonse

Se sak fè mwen menm kòm enfimyè, m pat pran tan pou m konprann patisipasyon pa m nan mouvman Anseye Pou Ayiti a ap pèmèt timoun yo jwi dwa yo genyen, ki se jwenn yon edikasyon k ap pèmèt yo devlope tèt yo sou plan fizik, entèlektyèl ak emosyonèl.

Dewenty Pierre Alphonse, Anseyan-Lidè, Kowòt 2017
Mouvman an ap grandi!

Aplikasyon mobil pou koleksyon done yo

Kreye yon aplikasyon mobil an patenarya ak Dimagi, Inc. pou swiv pwogrè aprenan ak anseyan-lidè yo. Se yon inovasyon seleksyone pou yon konferans entènasyonal nan 2018.

Devlope mouvman an

Kwasans aktivite k ap devlope mouvman nou an ann Ayiti, nan dyaspora Ayisyen ak nan nivo entènasyonal pou atire alye ki kwè nan egalite ak jistis nan sistèm edikasyon an.

Se nan sal klas APA ap enplemante aktivite li yo; men, se nan kominote yo chanjman yo ap fèt. APA chita sou yon apresyasyon pou pouvwa ki egzite nan kilti, koutim ak kominote yo. APA bay yon lòt definisyon pou lidèchip par rapò ak enpòtans travay nan tèt ansanm.

Aprann plis

Bon jan kalite edikasyon dwe entegre idantite, istwa ak idantite fason pou n soti an ba sistèm inegalite...Anseye Pou Ayiti ap melanje tradisyon kiltirèl ak teknik pedagojik pou tout timoun resevwa bon jan kalite edikasyon.

Aprann plis

Echoing Green chwazi Anseye Pou Ayiti kòm yon inovasyon sosyal mondyal.

Aprann plis

APA travay ak kominote nan peyi a pou n kreye yon rezo lidè sivik e pou n bati yon sistèm edikasyon ki chita sou egalite, sou istwa peyi nou an, sou valè moral ansanm ak yon vizyon kolektif.

Aprann plis

Nou rekrite kandida pou yon mouvman. Yon mouvman pou lidèchip transfòmasyonèl. Paske tout timoun ann Ayiti merite kalite.

Aprann plis
  • Obama Foundation
  • Attn
  • Echoing Green
  • Le Nouvelliste
  • Chokarella

Lavni mouvman an

N ap apwofondi angajman nou pou n devlope yon rezo lidè sivik

Pandan 5èm lane APA, n ap lanse 2 pwogram: yon pwogram pou paran ak youn pou direktè lekòl. Paske se nan kominote yo chanjman yo ap fèt, nou vle apwofondi patisipasyon tout manm kominote a k ap dirije konba pou n elimine enjistis nan sistèm edikasyon an.

Anvan 2025, n ap ekipe

50,000
lidè sivik ann Ayiti

N ap remesye ekip Anseye Pou Ayiti!

Vin
kolabore!

1

Pataje kontak w pou jwenn plis enfòmasyon

2

Ofri yon don

Tout don ede nou finanse aktivite pwogramatik ak operasyonèl nou yo.

3

Pataje rapò sa a