ETAP #1 (genyen 2 pati pou konplete aplikasyon w pou Anseye Pou Ayiti -- w ap resevwa dezyèm etap la sou imèl ou an janvye 2022 aprè ou soumèt fòm sa a, avèk yon lyen pou konplete aplikasyon fòmèl la):
Fòm sa
a fèt pou tout moun ki vle kominike enterè yo pou fè pati yon kowòt nan Anseye Pou Ayiti pou lane 2022 a kòm Anseyan-Lidè, Direktè-Lidè ak Paran-Lidè. Mèsi paske
ou pral aprann plis sou misyon, apwòch ak kritè pou kandida ki vle aplike
sou sit entènèt nou an: https://rebrand.ly/APAkesyon.
Ranpli epi
soumèt fòm kominikasyon enterè sa a si w kalifye epi enterese ak objektif,
valè yo ak misyon mouvman APA. Answit w ap jwenn yon lyen oubyen yon aplikasyon sou papye pou konplete aplikasyon fòmèl la. (Si w vle vin Anseyan-Lidè w ap resevwa yon lyen par imèl kidonk fòk ou pataje yon adrès imèl pèsonèl nan anrejistreman sa a.)
Ansanm nou fò!