chevron carousel-svg hamburger close

1. Kesyon: Ki misyon Anseye Pou Ayiti? Repons: Anseye Pou Ayiti pral ogmante rezilta lekòl ap bay ann Ayiti nan fè rekritman epi fòmasyon bon jan anseyan pou lekòl ki deja la jodi a. Ansèyman ansanm ak lidèchip ki kab transfòme sosyete a va bay tout elèv konesans, konpetans ak mantalite y ap bezwen pou yo rive akonpli sa yo kapab fè gras a menm chans y ap bay yo tout, pou yo rive lwen ansanm epi pou yo bay patisipasyon pa yo nan yon sosyete ki pi eklere nan 21èm syèk la.

2. Kesyon: Èske APA se yon òganizasyon entènasyonal? Repons: Non – se yon òganizasyon byenfezans ayisyen ki pa la pou l fè lajan, ki fèt ak yon ekip Ayisyen. Tout ekip la ap travay pou yon menm vizyon: vizyon sa a se amelyore sistèm edikasyon ann Ayiti a. Sa ki priyorite pou APA se travay nan tèt ansanm avèk lòt òganizasyon, tankou lekòl kote nou va plase pwofesè, lòt òganizasyon sivil, epi nou va travay ak kourikoulòm MENFP la.

3. Kesyon: Ki lè kontra adezyon 2 lane anseyan-lidè nan pwogram Anseye Pou Ayiti a ap kòmanse? Repons: Kontra adezyon 2 lane anseyan-lidè yo ap kòmanse depi nan faz ete a (4 semèn devlopman pwofesyonèl k ap fèt de lendi a vandredi, obligatwa pou tout kandida/finalis nou seleksyone yo). Apre sa, anseyan-lidè yo va patisipe nan pwogram Anseye Pou Ayiti a pandan 2 lane lekòl yo.

4. Kesyon: Lè lekòl ouvè, kouman y ap fè devlopman pwofesyonèl (fòmasyon) anseyan yo? Repons: Lè lekòl ouvè, seyans devlopman pwofesyonèl anseyan yo pral fèt yon jou ferye/fèt nan youn nan vil kote nou pral plase anseyan nou yo (Gonayiv, Gwo Mòn, Mibalè, Boukan Kare, Ench).

5. Kesyon: E aprè 2 zan pwogram nan? Repons: N ap envesti alontèm nan lidè ki gen bon jan kapasite, pou anbasadè nou yo bouche yon gwo vid ki genyen nan kapasite sistèm edikasyon nan zòn nan apre yo fin pase nan pwogram 2 an an. Anbasadè nou yo pral bon jan pwofesè konpetan ki pral asire yo gen reyisit pou elèv lekòl, direktè lekòl, konseye pedagojik, ak moun ki nan sektè byenfezans e sektè komèsyal ki vle travay pou gen egalite nan afè lekòl pou tout ti Ayisyen.

6. Kesyon: Èske m ap responsab klas kote APA pral plase m nan? Repons: Kòm anseyan-lidè, w ap gen responsablite klas la pandan ou sou sipèvizyon direksyon lekòl la tabli a epi ap gen yon konseye pedagojik Anseye Pou Ayiti k ap la pou li ba w konsèy pou li kore w nan travay ou.

7. Kesyon: Èske APA “responsab” yon lekòl oubyen yon sant fòmasyon? Repons: Non, misyon APA se sitou amelyore kalite sistèm edikasyon an pandan l ap travay ak kèk lekòl primè ki deja la jodi a (nou pa pral bati lekòl ni nou pa pral ouvè lekòl primè). Pwogram fòmasyon nou an se pou gwoup pwofesè nou pral travay avè yo a li fèt, nan kad pou nou fasilite yon modèl fòmasyon ak preparasyon lidè. Nou rekrite ak envesti nan lidè eksepsyonèl, se konsa anbasadè nou yo (gradye pwogram nou) pral ranpli yon espas kritik nan kapasite lokal la.

8. Kesyon: Mwen se yon pwofesyonèl nan yon lòt domèn pase edikasyon. Èske mwen ka aplike? Repons: Tout pwofesyonèl nan nenpòt domèn kapab aplike, li se jis ase pou yo gen yon enterè nan amelyore sistèm edikasyon ayisyen nan ak fè yon angajman pou yo vin anbasadè aktif APA apre pwogram 2 ane yo.

9. Kesyon: Ki jan yon moun ka fè demann pou l vin yon anseyan-lidè nan pwogram APA? Repons: Tout fòmilè demann yo disponib nan adrès entènèt sa yo: http://anseyepouayiti.org/apply-cohort/application/ (kreyòl oswa franse).

10. Kesyon: Ki dat n ap fè rekritman chak ane? Repons:

- Janvye—fòmilè aplikasyon nan disponib

- Fen mwa mas—dènye delè pou moun remèt demann nan (verifye dat espesifik la chak ane)

- Avril—kandida kontakte pou pwochen etap pwosesis la, si ou kalifye

- Ant avril ak jen—faz/aktivite seleksyon ak entèvyou kandida yo (4 etap)

11. Kesyon: Ki laj yon pwofesè ta dwe genyen pou l ka yon anseyan-lidè nan pwogram Anseye Pou Ayiti a? Repons: Tout anseyan lekòl ki gen omwen 18 an ki gen konpetans nesesè, kapab pran pa nan pwogram Anseye Pou Ayiti a. Pa gen okenn limit nan kesyon laj pou yon moun enskri nan pwogram nan.

12. Kesyon: Ki pi gwo klas yon moun dwe fè pou l kab enskri nan pwogram nan? Repons: Fò moun nan ta fini omwen klas segondè li (Bakaloreya 2èm pati, Bacc II).

13. Kesyon: Nan ki kominote nan peyi a anseyan-lidè Anseye Pou Ayiti yo travay? Repons: Gonayiv, Gwomòn, Mibalè, Boukan Kare, Ench se zòn kote anseyan-lidè nou yo travay nan lekòl patnè. Men pandan ane yo ap pase, Anseye Pou Ayiti va travay pou ajoute pwogram pou paran ak pwogram pou direktè lekòl pou nivo enpak mouvman nou an rive jwenn tout kominote patnè nou yo.

14. Kesyon: Ki moun k ap responsab peye frè fòmasyon an? Repons: Anseye Pou Ayiti ap responsab pou li peye tout frè fòmasyon pwofesè yo pandan 4 semèn nan ete epi tou pou fòmasyon anseyan yo pral kontinye resevwa pandan 2 lane lekòl yo.

15. Kesyon: Èske m ap gen pou m siyen yon kontra travay? Repons: Wi, chak anseyan-lidè ap gen pou yo siyen yon kontra adezyon avèk Anseye Pou Ayiti e yon kontra travay avèk lekòl kote y ap travay.

16. Kesyon: Èske Anseye Pou Ayiti pral peye m yon salè? Repons: Tout anseyan-lidè Anseye Pou Ayiti yo ap touche salè yo nan men administrasyon lekòl kote y ap travay epi y ap resevwa yon frè ankourajman nan men pwojè a pandan tan kontra a va dire a.

17. Kesyon: Si m pa moun kominote kote m dwe al travay la, èske Anseye Pou Ayiti ap fè m jwenn kote pou m rete? Repons: Anseye Pou Ayiti p ap pran responsablite pou li bay anseyan-lidè li rekrite yo kote pou yo rete. Men pou ede pwofesè ki va deplase pou y al nan vil kote yo pral travay la, direksyon APA ka fè demach bò kote òganizasyon k ap kolabore avè l yo, li ka bay pwofesè yo konsèy oubyen kontak pou fasilite pwofesè yo nan negosiyasyon y ap gen pou yo fè.

Si w gen kesyon kòm moun ki vle pran pa nan pwogram nan, kontakte nou nan imel sa a: application@anseyepouayiti.org. Moun ki bezwen ransèyman jeneral kab kontakte nou nan imel sa a: info@anseyepouayiti.org.