chevron carousel-svg hamburger close

Travay Nou Fè

Sistèm edikasyon Ayisyen an se youn nan bagay ki pi solid nan eritaj kolon yo te kite nan peyi a.

Dekouvri fason mouvman APA a, Ayisyen ap dirije, atake pwoblèm anbachal ki genyen nan sistèm edikasyon an ki makonnen youn ak lòt.

Pandan Revolisyon Ayisyen an, ki te fèt an 1791 ak 1804, pèp la te mete tèt ansanm pou yo te kreye premye Repiblik Nèg Nwè nan mond lan epi sa te fè yo fyè. Sepandan, sistèm edikasyon nou an jounen jodi a ankouraje divizyon epi li afebli valè kilti lokal yo. Nan APA, nou kwè li enpòtan pou nou itilize idantite nou antanke Ayisyen kòm baz pou fè chanjman pozitif ak pwogrè. Nou vle pou Ayisyen yo fè yon sèl epi itilize pouvwa yo genyen antanke gwoup pou yo pran kontwòl lavi yo.

Inegalite nan zafè edikasyon

Fason yo òganize sistèm edikasyon Ayisyen an fè diferans ki genyen ant moun k ap viv an pwovens yo ak sila yo k ap viv nan vil yo parèt pi plis. Kidonk, li pi difisil pou tout moun gen menm chans.

Kisa ki lakoz rezilta depaman sa yo?

Aprenan yo toujou pa ka jwenn bonjan edikasyon.

Ayiti pa genyen yon bon sistèm lekòl piblik ki garanti yon bon edikasyon pou tout aprenan yo. 85% nan lekòl ki Ayiti yo se lekòl prive. Lekòl sa yo souvan peye tèt nèg. Fanmi ki gen revni yo pa kapab voye pitit yo ladan yo.

Lekòl yo pa gen kantite anseyan ase ki gen zouti nan men yo pou ede aprenan yo reyisi.

Lekòl ki nan zòn pwovens yo souvan manke pèsonèl epi yo pa sèvi ak metòd fòmasyon ki ajou. 80% nan anseyan k ap fè kou nan lekòl primè yo pa resevwa fòmasyon fòmèl. 

APA nan nannan gwo pwoblèm sa a ki nan sistèm nan, kote li ap bati fondasyon pou sa ki kapab vin yon modèl pou premye bon sistèm lekòl piblik peyi a. Nan tèt kole avèk Ministè Edikasyon Ayisyen an, APA ap ede fòme anseyan k ap fè kou nan lekòl piblik yo nan pratik ansèyman ki efikas epi ki santre sou aprenan yo.

Demounizasyon ak de-Ayisyanizasyon

Fonksyònman sistèm edikasyon Ayisyen an jounen jodi a kontinye reflete enfliyans istwa kolonyal la.
Se yon pwoblèm pou pèp Ayisyen an epi sa afekte idantite nou antanke Ayisyen.

Kou yo fèt an fransè

  • Aprenan Ayisyen yo resevwa yon ansèyman an Fransè. Yo pa anseye yo nan lang manman yo a ki se Kreyòl.

  • Lè metòd aprantisaj yo pa respekte kilti lokal la, sa kapab fè gen mwens moun ki konn li ak ekri epi sa kapab fè moun yo pa fin twò konnen idantite yo antanke Ayisyen.

  • Nan salklas APA yo, se Kreyòl nou itilize nan leson yo ak evalyasyon yo. Epitou, kowòt nou yo kreye zouti aprantisaj, dokiman, liv lekti,

    videyo, pwogram radyo, ak konkou ekriti pou yo ka ogmante resous pou lang Kreyòl la an deyò salklas la.

Aprantisaj pa kè

  • Lekòl yo souvan fè aprenan yo aprann leson yo pa kè. Aprantisaj pa kè a fè aprenan yo gen difikilte pou yo kenbe enfòmasyon yo epi

    aprann rezoud pwoblèm.

  • Jèn moun yo, ki se moun ki pral gen pou dirije Ayiti, dwe an mezi pou yo itilize kreyativite yo epi pou yo reflechi byen.

Edikasyon sivik pa nan pwogram nan

  • San edikasyon sivik, aprenan riske pa konnen dwa yo ak devwa yo genyen antanke Ayisyen.

  • Si nou aprann aprenan yo renmen peyi yo nan lekòl, sa ap motive yo pou yo patisipe nan aktivite k ap ede kominote yo epi k ap kontribye nan konstriksyon nasyon an.

Chatiman kòporèl

  • Byenke yo te entèdi li nan lane 1843, anpil aprenan kontinye ap sibi chatiman kòporèl pou fè yo mache dwat.

  • Lè nou bat aprenan yo poutèt erè yo fè, sa kapab fè yo vin timid epi kache vrè moun yo ye a. Objektif nou se pou aprenan yo tounen lidè ki konfyan epi ki kapab pran responsablite.

  • Pou pwoteje ak edike jèn yo, diplome nan pwogram devlopman pwofesyonèl yo mennen kanpay pou yo dechouke chatiman kòporèl nan kominote yo.

  • Aksan APA mete sou metòd ansèyman ki baze sou gerizon an ede Sitwayen-Lidè yo, ki yo menm soti nan sistèm yo vle chanje yo, rejwenn pouvwa yo epi etabli sistèm ki jis pou jenerasyon Ayisyen k ap vini yo.

Difikilte ki fè
kominote a ak edikasyon pa ka fè yon sèl

Separasyon ki genyen ant edikasyon ak kominote a anpeche nou fè tout sa nou kapab fè antanke Ayisyen. Li retire konesans, bagay ki enpòtan pou kominote lokal la, ak pratik kiltirèl yo nan sa aprenan yo ap aprann. Epitou, li diminye chans pou moun yo itilize pwen fò yo antanke Sitwayen-Lidè.

Si se sèlman anndan salklas Ayisyen yo aprann epi yo pa soti pou yo al fè aktivite nan kominote a, yo p ap pare pou yo patisipe antanke manm kominote yo epi sitwayen Ayisyen. Yo gen difikilte pou yo kreye yon gwoup lidè ki kapab travay ansanm pou yo rezoud pwoblèm tankou twoub politik ak enstabilite ekonomik.

Se poutèt sa prensipal objektif APA se fè salklas yo ak kominote yo fè yon sèl.

Nou ankouraje Anseyan-Lidè, Paran-Lidè, ak Direktè-Lidè yo travay ansanm epi fè tout kominote yo patisipe pou pote chanjman pozitif ki pa sèlman rete anndan salklas la.

Pwogram pwogram devlopman pwofesyonèl nou yo pèmèt Sitwayen-Lidè yo an Ayiti konprann epi trete zafè inegalite a. Nan travay ansanm pou yo bati mouvman an, yo kapab jwenn solisyon dirab ki kapab fè yon enpak pozitif non sèlman sou edikasyon ak kominote yo, men tou ki depase fwontyè Ayiti.