chevron carousel-svg hamburger close

Politik Konfidansyalite

Poukisa nou genyen politik sa a?

Anseye Pou Ayiti (nou rele “APA”, “nou menm”, oswa “nou” nan dokiman an) rekonèt vi prive ou enpòtan. Se sa ki fè li pran angajman pou li respekte enfòmasyon pèsonèl ou yo. Politik Konfidansyalite sa a valab globalman pou APA, ansanm avèk paj wèb nou yo ou kapab jwenn sou sitwèb nou an ki se www.AnseyePouAyiti.org. Epitou, li eksplike jan nou respekte lwa ki an vigè ki pwoteje vi prive ak enfòmasyon pèsonèl ou yo. APA angaje li pou l kenbe enfòmasyon pèsonèl itilizatè yo sekrè epi pou li respekte lwa ak pratik ki gen pou wè ak pwoteksyon vi prive, ansanm avèk dispozisyon yo dekri nan Politik Konfidansyalite sa a.

Ki objektif politik konfidansyalite sa a?

Objektif Politik Konfidansyalite sa a se fè w konnen fason nou trete enfòmasyon ou ban nou yo lè w ap itilize sitwèb nou an, tankou:

  • Fason nou kolekte ak itilize enfòmasyon pèsonèl yo;

  • Fason ak ki lè nou ka pibliye oswa pataje enfòmasyon pèsonèl yo;

  • Fason nou sekirize enfòmasyon pèsonèl yo;

  • Fason nou asire nou enfòmasyon pèsonèl yo egzak;

  • Fason ou kapab chanje, korije, oswa siprime enfòmasyon pèsonèl ou yo; epi

  • Fason ou kapab kontakte nou pou w jwenn plis enfòmasyon sou Politik Konfidansyalite sa a epi si w sispèk yo pa respekte Politik Konfidansyalite sa a.

  • Kijan nou itilize Politik Konfidansyalite sa a?

Kolekte, Itilize ak Pataje

Sitwèb nou an gendwa mande ou enfòmasyon lè w ap enskri nan aktivite ak evènman APA yo, oswa lè w ap enskri nan lis adrès nou an. Nou ap kolekte enfòmasyon pèsonèl yo sèlman nan mannyè ki legal ak rezonab. An jeneral, nou ap pran enfòmasyon pèsonèl yo dirèkteman nan men ou, epi sou sitwèb nou an. Pa egzanp, lè w enskri sou sit nou an, nou gendwa mande w kèk enfòmasyon tankou non w, adrès imèl ou, adrès postal ou ak/oswa kòd postal ou, nimewo telefòn ou, dat oswa ane ou fèt, orijin etnik ou, legliz ak lòt afilyasyon ou, ak/oswa lòt enfòmasyon pèsonèl.

APA itilize enfòmasyon yo nan kad kanpay edikasyon li an epi pou l pousuiv misyon li an. Nou gendwa itilize enfòmasyon yo pou objektif sa yo nan medya tradisyonèl epi sou rezo sosyal. Nou sèlman kolekte, itilize ak pataje enfòmasyon pèsonèl ki nesesè pou nou bay sèvis nou ofri w atravè sitwèb sa a epi pou nou amelyore relasyon nou avèk itilizatè nou yo, epi pou nou amelyore sèvis nou ofri itilizatè nou yo. Nou ap pran mezi ki rezonab pou nou asire nou ou konnen pou ki rezon nou itilize enfòmasyon pèsonèl yo, sof lè se lalwa ki mande pou nou kolekte oswa pataje yo.

Nou pa pataje, vann, lwe, ni twoke okenn enfòmasyon pèsonèl nou kolekte sou sitwèb nou an ak okenn lòt sitwèb oswa antite, sof jan Politik Konfidansyalite sa a dekri li. Men nan ki sikonstans nou gendwa pataje enfòmasyon pèsonèl ou yo avèk lòt moun sèlman:

  • Konsantman
    Nou ap pataje enfòmasyon pèsonèl ou yo avèk lòt moun si w bay konsantman w pou sa oswa mande APA pataje enfòmasyon sa yo.

  • Pou Bay Sèvis

    Nou gendwa pataje enfòmasyon pèsonèl yo avèk lòt moun sèlman lè li nesesè pou APA pataje yo pou li ka bay itilizatè yo bonjan sèvis, pou l amelyore sèvis l ap bay deja yo oswa pou l ofri nouvo sèvis. Pa egzanp, nou gendwa itilize enfòmasyon ou yo kòm istwa oswa foto pou nou motive plis moun nan òganizasyon an. Nou kapab fè sa nan fè kanpay sou rezo sosyal yo oswa nan medya tradisyonèl yo. APA gendwa pataje enfòmasyon pèsonèl ou yo avèk yon konpayi ki bay sèvis enfòmatik oswa lòt sèvis sipò. Nou gendwa itilize enfòmasyon pèsonèl ou yo pou nou enfòme ou sou nouvo inisyativ oswa chanjman ki konsène APA ki ka enterese ou. Anplis, nou bay kèk sèvis atravè lyen ki mennen sou sitwèb peman ak sitwèb rezo sosyal. Nan kad sèvis sa yo, gen kèk enfòmasyon nou ka voye bay lòt antite sa yo.

  • Analiz ak Fonksyònman Entèn

    Nou kolekte enfòmasyon yo lè ou ale sou sitwèb nou an. Enfòmasyon sa yo se kantite itilizatè, paj yo gade epi dat ak lè yo te vini sou sit la. APA kolekte enfòmasyon sa yo pou zafè estatistik. Donk, lè nou analize enfòmasyon sa yo, sa pèmèt nou ba w yon sèvis ki amelyore lè w retounen sou sitwèb nou an. Nou gendwa pran lòt moun ki pou fè travay sa yo pou nou epi nou pataje enfòmasyon pèsonèl ou yo avèk yo, men yo ap itilize yo sèlman pou yo fè travay espesifik nou ba yo fè a. Epitou, nou gendwa pataje enfòmasyon pèsonèl ou yo avèk kèk konpayi deyò k ap ede nou fè kèk bagay ki enpòtan pou fonksyònman aktivite nou. Nou egzije konpayi deyò sa yo pou yo kenbe enfòmasyon sa yo sekrè epi pou yo itilize yo sèlman pou yo fè sa nou te mande yo fè.

    Menm jan ak anpil lòt sitwèb, nou gendwa itilize "kouki". Kouki yo se fichye tèks ki soti sou sèvè nou an epi navigatè entènèt ou an estoke yo sou diskedi òdinatè w la. Kouki yo pèmèt nou pèsonalize ak anrejistre preferans yo. Nou kapab itilize kouki yo pou nou kolekte done ki san non yo pou nou pwopoze itilizatè a piblisite ki sible. Nou pa itilize kouki pou nou li okenn done oswa fichye sou òdinatè w la. Majorite navigatè entènèt yo tou aksepte kouki yo, men ou kapab konfigire navigatè w la pou w anpeche sa rive.

  • Respè Lalwa; Aplikasyon Politik

    Anplis, nou gen dwa pou nou pataje nenpòt kontni, dosye oswa nenpòt mesaj elektwonik tankou enfòmasyon pèsonèl oswa kontni nenpòt mesaj "Kontakte Nou" nou resevwa nan men ou: (i) pou nou ka pliye anba yon lwa, reglemantasyon, oswa satisfè demann gouvènman an; (ii) si li nesesè pou nou pataje enfòmasyon sa yo pou fonksyònman biznis nou; oswa (iii) pou nou pwoteje dwa, pwopriyete oswa sekirite APA oswa itilizatè li yo, esponnsò li yo, founisè sèvis li yo, donè oswa machann li yo, sa ki ka gen ladan l aplikasyon Politik Konfidansyalite a oswa nenpòt lòt politik oswa akò.

    Epitou, nou gen dwa pou nou voye jete nenpòt demann ou menm oswa nenpòt lòt itilizatè fè pou jwenn plis enfòmasyon.

  • Piblikasyon ak Itilizasyon Founisè Sèvis yo Fè

    Done sitwèb yo (ki gen ladan yo enfòmasyon pèsonèl) ale jwenn sèvè yo epi yo estoke sou sèvè yo. Sèvè sa yo chita kò yo nan peyi Etazini. Se APA oswa founisè sèvis li yo ki jere ak trete done sa yo. Lè ou bay enfòmasyon pèsonèl ou yo sou sitwèb la, sa vle di ou konnen epi ou aksepte totalman sitwèb la kapab kolekte, transfere, estoke, ak trete enfòmasyon sa yo. Nou ap fè tout sa nou kapab pou nou pwoteje enfòmasyon ou yo selon Politik Konfidansyalite sa a epi nou ap pliye anba lwa ki an vigè yo pou nou pwoteje vi prive ou.

    Pou fini, nou itilize epi pataje enfòmasyon nou gwoupe ki pa idantifye moun Sitwèb la kolekte nan kad demach nou ap fè pou nou kontinye amelyore Sitwèb nou an ak lòt sèvis nou yo.

Fason nou jere mesaj "Kontakte Nou" yo

Nou gendwa konsève kontni mesaj "Kontakte Nou" nou resevwa yo. Nou ap sèlman itilize oswa pataje nenpòt enfòmasyon pèsonèl ki nan mesaj sa yo nan mannyè nou eksplike nan Politik Konfidansyalite sa a.

  • Sekirite

    APA itilize yon dividal mezi sekirite pou l prezève konfidansyalite ak sekrite enfòmasyon li kolekte anliy yo. Men, zafè voye sou entènèt pa janm fyab nèt. Byenke nou fè jefò pou nou pwoteje enfòmasyon ou voye ban nou yo, nou pa kapab pwomèt ou yo ap toujou an sekirite. Lè w voye yo ban nou, se yon risk ou pran. Lè enfòmasyon pèsonèl ou yo tonbe anba men nou, nou pran mezi ki rezonab pou nou pwoteje yo pou yo pa mal itilize yo ni pèdi yo. Nou pran mezi sa yo tou pou moun pa jwenn, modifye oswa pataje yo san otorizasyon.

  • Egzaktitid

    APA pa pran mezi pou li verifye si enfòmasyon ou ba li yo egzak. Tanpri fè nou konnen si enfòmasyon pèsonèl ou yo chanje nan imèl sa a info@AnseyePouAyiti.org pou nou ka mete dosye nou yo ajou epi pou nou asire nou enfòmasyon ou bay yo egzak. Epitou, ou gendwa modifye, korije, chanje, oswa mete enfòmasyon pèsonèl ou yo ajou oswa fè nou retire yo nan baz done nou an lè w fè demann lan atravè imèl nan info@AnseyePouAyiti.org. Nou ap sèlman voye enfòmasyon pèsonèl yo nan adrès imèl nou te anrejistre pou non ou te ban nou an.

  • Timoun

    Nou pa vle kolekte enfòmasyon pèsonèl nan men timoun ki poko gen trèz (13) lane, epi sitwèb nou an pa fèt pou sa. Si w poko gen trèz (13) lane, pinga ou itilize sitwèb nou an ni pataje okenn enfòmasyon sou li.

  • Lyen

    Sitwèb sa a ka genyen lyen ki mennen sou lòt sitwèb ki ka enterese ou. Sitwèb nou mete lyen pou yo sou sit la genyen pwòp règ pa yo nan zafè pwoteksyon vi prive. Anvan ou itilize yo oswa pataje enfòmasyon pèsonèl sou yo, verifye deklarasyon sou vi prive ak lòt kondisyon itilizasyon yo chak.

  • Chanjman

    APA kapab fè chanjman nan Politik Konfidansyalite sa a si sa nesesè epi li ap mete sitwèb li a ajou tousuit apre li fin fè chanjman sa a.

Kontakte Nou

Tanpri kontakte APA nan info@AnseyePouAyiti.org si:

  • Ou ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou politik sa a;

  • Ou ta renmen chanje, jwenn oswa korije enfòmasyon pèsonèl ou yo;

  • Ou panse nou pa t respekte pwomès nou te fè pou nou pwoteje vi prive ou; oswa

  • Ou panse nou pa dwe kenbe enfòmasyon pèsonèl ou yo ankò epi ou pa vle pou nou kontakte ou alavni.

Kondisyon Itilizasyon

Tanpri pran san ou pou li Kondisyon Itilizasyon sa yo avan ou itilize sitwèb APA/Anseye Pou Ayiti a. Lè w itilize sitwèb sa a, sa vle di ou te li epi konprann Kondisyon Itilizasyon sa yo epi ou aksepte pou respekte yo, kit ou se manm APA kit ou pa manm APA. Epitou, pran san w pou li Politik Konfidansyalite nou an. Li eksplike fason nou jere enfòmasyon pèsonèl nou ka kolekte lè w itilize sitwèb nou an. Kondisyon Itilizasyon sa yo, ansanm avèk Politik Konfidansyalite a, kontwole fason ou kapab itilize sitwèb sa a epi li se yon kontra legal ant ou menm ak APA. Kondisyon Itilizasyon sa yo valab sèlman pou sitwèb sa a. Yo pa valab pou okenn lòt sitwèb oswa sèvis sou entènèt, menm si sitwèb sa a gen lyen ki mennen sou yo. Si ou pa aksepte Kondisyon Itilizasyon sa yo, tanpri pa itilize sitwèb sa a.

Lè w itilize sitwèb sa a, ou konfime ou genyen 18 lane oswa plis, ou se yon minè yo bay dwa ak responsablite granmoun, oswa paran ou oswa responsab legal ou ba w otorizasyon pou monte sou sitwèb la. Epitou, ou di w genyen tout kapasite pou w konprann ak respekte Kondisyon Itilizasyon sa yo.

Tanpri sonje Kondisyon Itilizasyon sa yo ka chanje detanzantan, epi chanjman ki fèt yo ap an vigè lè nou afiche yo sou sitwèb la. Tanpri verifye Kondisyon Itilizasyon sitwèb la chak fwa ou ale sou li pou ka konnen dènye vèsyon an.

Si w gen nenpòt kesyon oswa plent ki konsène Kondisyon Itilizasyon sa yo oswa Politik Konfidansyalite nou an, kontakte nou nan info@AnseyePouAyiti.org.

  • A. Kontni ak Pwopriyete Entèlektyèl.

    Tout bagay ki sou sitwèb sa a, tankou foto, videyo, temwayaj pèsonèl ak atik, tout lojisyèl ak teknoloji nou itilize sou li, epi tout dwa pwopriyete entèlektyèl ki gen rapò ak yo, se zafè APA ak Ayiti. Kondisyon Itilizasyon sa yo pa ba w otorizasyon pou w itilize pwopriyete entèlektyèl nou an. [Si w ta renmen itilize kontni nou an, fòk APA ba w otorizasyon pou sa. Tanpri voye mande nou otorizasyon nan imèl sa a info@AnseyePouAyiti.org. APA gen dwa pou li refize bay otorizasyon pou nenpòt rezon oswa san rezon valab.]

    Ou dakò pou w pa modifye, kopye, ankadre, distribye, repwodui, repibliye, telechaje, grate, afiche, pibliye, tansmèt, oswa vann okenn pwopriyete entèlektyèl oswa kontni ki parèt sou sitwèb la, ni kreye zèv ki pa twò orijinal ki baze sou kontni sa a, sou okenn fòm oswa nan okenn mannyè, an antye oswa an pati, san APA pa ba w otorizasyon alekri alavans [sof si gen yon lòt kote nan Kondisyon Itilizasyon sa yo li otorize sa dirèkteman]. Ou pa ka devye, dezaktive osnon jwe avèk fonsyonalite sekirite sitwèb la ni fonksyonalite ki anpeche w itilize oswa kopye nenpòt kontni oswa ki limite fason ou kapab itilize oswa kopye kontni ki sou li.

    Mak fabrik, mak sèvis, non komèsyal ak logo, ki gen ladan yo non ak logo "APA" epi [eslogan APA yo] nou itilize ak afiche sou sitwèb la, se mak fabrik APA. Se poutèt sa moun pa ka kopye, imite oswa itilize yo, an antye oswa an pati, pou yon pwodui oswa sèvis APA pa otorize dirèkteman alekri, nan okenn mannyè ki ka lage konfizyon nan mitan konsomatè yo, oswa nan okenn mannyè ki denigre APA oswa ki jete diskredi sou li.

    Si ou itilize kontni ki sou sitwèb sa a nan yon mannyè Kondisyon Itilizasyon sa yo pa otorize dirèkteman oswa san APA pa ba w otorizasyon alekri alavans, nou ap retire dwa ou genyen pou w ale sitwèb sa a lapoula. Epitou, lè w itilize sitwèb sa a san otorizasyon, li posib pou vyole lwa ki an vigè yo tankou lwa sou dwadotè ak lwa sou mak fabrik, ansanm ak règleman ak lwa ki an vigè nan zafè kominikasyon.

  • B. Itilizasyon Sitwèb.

    APA pèmèt ou ale sou sitwèb la epi itilize li pou regle zafè pèsonèl ou, depi li pa gen pou wè ak zafè komès. Epitou, APA pèmèt ou enprime yon sèl kopi kontni an sèlman pou w regle zafè pèsonèl ki pa gen pou wè ak zafè komès si w mete tout avi pou dwadotè ak pwopriyete ki ladan li nan kontni an ansanm avèk avi pou dwadotè sa a "Dwadotè 2014, APA, Inc. Tout dwa rezève." Itilizasyon pèsonèl la vle di ekip k ap kolabore yo kapab itilize l tou. Fòk ou genyen otorizasyon alekri APA pou w itilize sitwèb la oswa sa ki sou li yo pou fè lòt aktivite.

    Ou dakò (i) ou p ap patisipe nan okenn aktivite ki gen rapò ak sitwèb la ki pa kadre ak lwa, règleman ki an vigè a, oswa kondisyon ki nan akò ou siyen avèk APA oswa nenpòt lòt antite, (ii) ou p ap itilize okenn pati nan sitwèb la pou zafè fè lajan, sof si APA ba w otorizasyon, (iii) ou p ap pran okenn enfòmasyon sou sitwèb la nan itilize wobo, zouti pou kolekte enfòmasyon ni lòt mwayen otomatize pou okenn rezon epi (iv) tout enfòmasyon ak dokiman ki sou sitwèb la, sof si yo di sa aklè yon lòt mannyè, se pou APA epi se APA ki kontwole yo. Se poutèt sa, ti otorizasyon li ba ou pou w wè ak monte sou sitwèb la se pa otorize li otorize w pou w itilize, re-itilize, repwodui, distribye osnon eksplwate dokiman sa yo, an antye oswa an pati, nan okenn mannyè [sof si Kondisyon Itilizasyon sa yo otorize sa aklè.]

    Ou pa dwe itilize sitwèb APA a san otorizasyon, ni ou pa dwe mal itilize enfòmasyon oswa kontni li pibliye sou li. Epitou, ou pa dwe itilize li nan yon mannyè ki pa respekte Kondisyon Itilizasyon sa yo. Si w pa respekte Kondisyon Itilizasyon sa yo, ou p ap gen otorizasyon pou w itilize ak monte sou sitwèb la epi ou p ap kapab itilize ak jwenn kontni ki sou li an.

  • C. Avètisman pou Tout Moun.

    Tout sitwèb sa a oswa yon pati ladan li ka pa disponib pou yon ti moman detanzantan. Lè sa rive, gendwa se pase men yo ap fè ladan li oswa gendwa se pou lòt rezon. APA pa responsab si gen erè, bagay yo bliye, sitwèb la sispann fonksyone, enfòmasyon ki siprime, gen yon pwoblèm, oswa si gen yon reta oswa pàn nan kominikasyon sou sitwèb la. APA pa responsab nonplis okenn pàn oswa lòt pwoblèm teknik yon rezo oswa sèvis telefòn, sistèm enfòmatik, sèvè oswa founisè entènèt, ekipman enfòmatik oswa telefòn pòtab, lojisyèl, imèl oswa lektè ki pa bon bay akoz pwoblèm teknik oswa blokis sou entènèt oswa sou nenpòt sitwèb oswa melanj eleman sa yo, ni domaj oswa dega ki fèt nan òdinatè yon moun oswa lòt materyèl oswa lojisyèl enfòmatik, ki gen rapò ak itilizasyon oswa telechajman dokiman sou entènèt ak/oswa sou sitwèb la oswa itilizasyon oswa telechajman dokiman sa yo lakoz.

    YO BAY SITWÈB SA A AK KONTNI AN "JAN YO YE A" SAN OKENN GARANTI AK PWOMÈS, KIT YO EKSPRIME YO AKLÈ KIT YO PA EKSPRIME YO AKLÈ. NAN TOUT MEZI LWA KI AN VIGÈ A PÈMÈT, APA AK ANPLWAYE LI YO, AJAN LI YO, BENEVÒL OSWA ESPONNSÒ LI YO VOYE JETE TOUT GARANTI, KIT YO EKSPRIME YO AKLÈ KIT YO PA EKSPRIME YO AKLÈ, TANKOU GARANTI YO BAY POU ZAFÈ TIT, DWA YO P AP VYOLE, EGZAKTITID, VALÈ KOMÈSYAL, AK KAPASITE POU REPONN AK YON OBJEKTIF, EPI TOUT GARANTI KI KA SOTI NAN ZAFÈ FÈ AKTIVITE, EGZEKISYON OSWA ITILIZASYON KOMÈSYAL.

    POU KLARIFYE BAGAY YO, APA PA FÈ PWOMÈS NI LI PA BAY GARANTI POU LI DI: SITWÈB LA AP DISPONIB NENPÒT MOMAN OSWA APATI NENPÒT KOTE; SITWÈB LA AP SEKIRIZE OSWA LI P AP GEN ERÈ; YO AP KORIJE DEFO YO; OSWA SITWÈB LA PA GEN VIRIS NI LÒT ELEMAN KI KA REPREZANTE DANJE.

    Lwa ki an vigè a gendwa anpeche nou mete sou kote kèk garanti nou pa eksprime aklè, donk sa nou di nou pa responsab pou yo anwo a gendwa pa valab pou ou.

  • D. Limit Responsablite.

    NAN TOUT MEZI LWA KI AN VIGÈ A PÈMÈT, NI APA, NI ANPLWAYE LI YO, AJAN LI YO, BENEVÒL OSWA ESPONNSÒ LI YO, P AP RESPONSAB OKENN DOMAJ ENDIRÈK, DOMAJ KI FÈT PA AKSIDAN, DOMAJ ENPÒTAN, DOMAJ ESPESYAL, DOMAJ-ENTERÈ EGZANPLÈ, DOMAJ-ENTERÈ KOTE YO PINI MOUN OSWA LÒT DOMAJ YO (TANKOU DOMAJ POUTÈT AKTIVITE KI PÈDI, DONE KI PÈDI OSWA BENEFIS KI PÈDI), SELON YON TEYORI JIRIDIK KI SOTI NAN YON MANNYÈ SOU SITWÈB SA A AK/OSWA NENPÒ SIT KI GEN LYEN SOU LI OSWA TEYORI JIRIDIK KI GEN POU WÈ AK YO. SÈL BAGAY OU KAPAB FÈ SI OU PA SATISFÈ AVÈK SITWÈB SA A OSWA SA KI SOU LI YO OSWA NENPÒT SIT KI GEN LYEN SOU LI SE SISPANN ITILIZE LI, SA KI SOU LI YO, OSWA SIT KI GEN LYEN SOU LI A, SI SA NESESÈ. OU DAKÒ SI GEN YON PWOBLÈM, TOUT SA OU KAPAB FÈ SE MANDE METE FEN NAN PWOBLÈM NAN SOF SI LALWA DI YON LÒT BAGAY. OU PA KAPAB MANDE APA, ANPLWAYE LI YO, AJAN LI YO, BENEVÒL AK ESPONNSÒ LI YO LAJAN NI DOMAJ-ENTERÈ, KÈLKESWA PWOBLÈM NAN.

    GEN KÈK LWA ETA KI PA PÈMÈT LIMIT SOU GARANTI YO PA EKSPRIME AKLÈ YO OSWA KI PA PÈMÈT YO METE SOU KOTE OSWA LIMITE KÈK DOMAJ-ENTERÈ. SI LWA SA YO VALAB POU OU, YON PATI OSWA TOUT SA NOU DI NAN AVÈTISMAN ANWO A, SA NOU METE SOU KOTE OSWA LIMIT NOU DI ANWO YO GENDWA PA VALAB POU OU, EPI OU GENDWA GEN PLIS DWA.

  • E. Renonsyasyon.

    Nan tout mezi lwa ki an vigè a pèmèt, ou voye jete dwa pou pousuiv oswa pote plent pou APA ak anplwaye li yo, ajan li yo, benevòl ak esponnsò li yo pou tout pwoblèm oswa pèt ki gen rapò ak itilizasyon sitwèb sa a. Sa gen ladan l bagay tankou frè lajistis ak onorè avoka sizoka ta gen litij.

  • F. Melimelo.

    Si yo estime yon dispozisyon nan Kondisyon Itilizasyon sa yo pa valid, ilegal, nil oswa pa kanpe sou anyen, yo kapab inyore dispozisyon sa a nan Kondisyon Itilizasyon yo epi kontinye aplike sa ki rete ki valid yo.

    Kondisyon Itilizasyon sa yo ak Politik Konfidansyalite a reprezante akò ki siyen ant ou menm ak APA ki gen pou wè ak dwa w genyen pou monte sou sitwèb la epi itilize li. Li ranplase nenpòt akò alekri oswa aloral ou menm ak APA te siyen oparavan sou zafè sa a.

    Si w vyole dispozisyon ki nan Kondisyon Itilizasyon sa a epi APA pa fè anyen, sa pa vle di li dakò ak sa w fè a ni li p ap pran mezi si w fè menm bagay la ankò alavni.

    Si w gen yon pwoblèm avèk sitwèb la oswa Kondisyon Itilizasyon yo oswa fason ou itilize li, fòk ou depoze yon plent nan espas yon (1) lane apati dat pwoblèm lan rive pou premye fwa a. Si w pa fè sa, ou p ap kapab fè reklamasyon sou sijè sa a apre.

APA pa bay okenn garanti sou fason ou kapab itilize sitwèb la oswa kontni ki sou li a an deyò Etazini. Si w ale sou sitwèb la oswa ou itilize kontni ki sou li a an deyò Etazini, se ou ki pran risk ou epi se ou ki responsab pou w respekte lwa ki an vigè kote ou ye a.