ANSEYE POU AYITI rekrite & ekipe yon rezo sitwayen-lidè ann Ayiti – anseyan, paran, direktè lekòl, aprenan – pou transfòme sistèm edikatif la e kominote nou yo. N ap devlope yon mouvman lidè sivik k ap fè pledwari pou tout timoun jwenn bon jan kalite edikasyon. Atravè chanjman nan sal klas anseyan-lidè nou yo, nan lekòl direktè-lidè nou yo, nan fanmi paran-lidè nou yo – n ap transfòme kominote nou yo. Sa nou vle pou sosyete nou an, n ap kòmanse transfòmasyon sa nan lekòl yo. Nou valorize kilti, koutim & kominote, epi n ap travay pou n ofri yon lòt modèl lidèchip k ap travay nan tèt ansanm pou nou reyisi ansanm. N ap envesti nan yon nouvo jenerasyon sitwayen.