chevron carousel-svg hamburger close

Kominote Nou

Kominote nou an ki gen ladan li vizyonè Ayisyen ki an Ayiti ak nan mond lan ap chanje sistèm edikasyon an anndan ak deyò salklas yo avèk APA bòkote yo.

Kowòt nou yo konnen anpil bagay, yo renmen sa y ap fè a epi yo travay di anpil. Se sa ki fè yo se defansè mouvman APA a. 

APA montre mwen sa k ap pase nan sistèm edikatif la. Li fè mwen konprann angajman ak devouman mwen dwe genyen pou mwen kontinye, antanke yon jèn Ayisyen, amelyore sistèm nan.
—Se sa Darline AXIL, ki fè pati Kowòt 2016 la, deklare
[APA] pa sèlman ap fè chanjman pozitif, li ap chanje plizyè jenerasyon an menm tan. "Travay APA ap fè a se yon leson pou tout moun ki nan domèn edikasyon etidye epi aprann non sèlman an Ayiti, men tou Etazini, ak nan lemonnantye!
—RISE Colorado

Fè Konesans ak Patnè nou yo

Patnè nou yo ede mouvman APA a ale pi douvan epi atenn nouvo objektif, kit se an Ayiti kit se nan lemonnantye.