chevron carousel-svg hamburger close

Mouvman Nou

Istwa Nou

Apre kat (4) lane virewon pou pale avèk moun nan zòn pwovens yo an Ayiti sou zafè paspouki nan edikasyon epi enjistis sosyal, APA te lanse yon mouvman nan lane 2013 pou li chanje sistèm edikasyon an. Se moun nan kominote a ki byen konnen enjistis ki tabli nan sistèm yo vle depatcha a ki mete ansanm pou kreye ak dirije mouvman an.

APA fè tout kominote yo mete men nan pat la gras ak pwogram devlopman pwofesyonèl ki reyini Anseyan-Lidè, Paran-Lidè ak Direktè-Lidè. Jounen jodi a, gen plis pase 600 Sitwayen-Lidè k ap defann aksyon kolektif ak sistèm edikasyon yo sou baz kilti, koutim, ak istwa peyi yo.

Misyon

APA travay avèk Sitwayen-Lidè lokal ki ap chanje sistèm edikasyon Ayiti an pou libere li. Objektif la se bay pwochen jenerasyon Ayisyen yo zouti yo bezwen tankou konesans, konpetans, ak mantalite ki nesesè pou yo dekouvri tout sa yo kapab fè.

Vizyon

APA anvizaje kreye yon mouvman kolektif ki gen ladan l Sitwayen-Lidè lokal k ap travay pou granmounize sistèm edikasyon an pandan yo ap konsantre yo sou fòs istwa, kilti, ak idantite Ayisyen an epi redefini zafè lidèchip la nan yon mannyè ki gen sans pou kominote a.

Sa Nou Fè

Modèl APA a:

  • Rekritman Anseyan, Paran, ak Direktè-Lidè
    magnifying glass over persona sketches
  • Fòmasyon Pratik

    avèk similasyon nan salklas

  • Seyans Kotchin

    sou fason pou wè edikasyon an nan yon mannyè ki konplè epi ekilibre

  • Devlopman Pwofesyonèl

    sou teknik ansèyman ki baze sou aprenan, ak estrateji lidèchip kominotè

  • Aktivite Kominotè

    (konbit, kanpay, pwogram, piblikasyon)

  • Suiv Pwogrè Aprenan yo, Sitwayen-Lidè yo, ak Kominote a
  • Objektif:

    Pi bon rezilta pou aprenan yo, amelyorasyon kapasite lidèchip, ak angajman kominotè

Kote Nou Travay

Kominote Nou Yo