chevron carousel-svg hamburger close

Enstiti Kotchin

Ki sa Enstiti Kotchin nan ye?

Anseye Pou Ayiti ap envesti nan yon sistèm edikatif ayisyen ki bay tout sitwayen dwa ak bon jan kalite edikasyon. Nan Anseye Pou Ayiti, nou travay ak kominote yo pou n kreye yon rezo lidè sivik. Ansanm, n ap konstwi yon sistèm edikasyon egalego ki chita sou istwa, valè, epi vizyon. 

Inisyativ sa a se youn nan priyorite nan « faz 2 » mouvman Anseye Pou Ayiti. Nou vle anplifye youn nan zouti—kotchin—ki akselere enpak APA depi premye kowòt anseyan-lidè nou yo (depi 2015). Nou  vle devlope yon rezo kotch pou pèmèt plis aprenan, anseyan ak kominote, sitou nan zòn pwovens yo, devlope plis konpetans toujou. Finalman, nou vle enfliyanse yon chanjman nan sistèm nasyonal la—pou wòl kotch lan vin yon aktè esansyèl nan ledikasyon. Aprè seri devlopman pwofesyonèl sa yo, kotch yo ap kapab rive travay nan òganizasyon, biznis, lopital e lòt sektè, paske se kotch yo k ap motè chanjman pou n devlope lidè atravè sosyete nou. Se poutèt sa kourikouloum nan konstwi pou devlope konpetans transvèsal lakay kotch yo.  

Pou kòmanse, kotch sa yo pra l travay nan lekòl patnè APA yo sou depatman Plato Santral (Mibalè, Boukan Kare ak Ench). Pwogram fòmasyon an ap dire yon total 4 lane. Kotch la ap resevwa fòmasyon an liy e an pèsonn pandan premye ane a, epi pra l travay a tan plen nan lekòl yo plase l la pandan lòt 3 ane yo, tout pandan li kontinye ap resevwa fòmasyon (Yon kotch = yon lekòl). Apre peryòd sa a, kotch yo pral lib pou travay ak lòt sektè.

Valè nou yo

Solidarite

Ansanm nou kapab avanse pi byen. Jan pwovèb la di l «yon sèl dwèt pa manje kalalou » oubyen « men anpil, chay pa lou ». Menmsi genyen yon konplèks endividyalite ki egziste, sa pa anpeche n soude e kolabore ansanm. Solidarite sa a parèt klè lè nou fè patenarya ak lekòl ki deja egziste, ak lòt enstitisyon ki ap fè menm travay sa a oubyen ki kwè nan yon lòt edikasyon pou yon chanjman reyèl. Solidarite n ap pwone a pran fòm nan aksyon nou.  

Ekselans

Ekselans la defini nan kalite travay nou, nan fason nou chak ap fè pou reponn ak responsabilite yo. Kèlkeswa sa n ap fè, nou dwe fè pwèv ekselans, nan travay, nan sal klas, nan patisipasyon nan lavi kominote a, e latriye. Nou vle fè tout sa n ap fè nan pi wo nivo konpetans nou. APA vize pi wo nivo ekselans nan fason aprenan yo ap devlope konpetans nan plas repete pa kè. Chak aprenan dwe jwenn sipò yo merite, selon bezwen yo. 

Respè

Li esansyèl pou nou youn respekte lòt, soti nan konfesyon fwa yo, pratik yo, filozofi lavi yo, abitid yo e latriye. Respè ede sosyete a byen mache. Avèk respè, echanj youn ak lòt vin pi fasil. Nan APA respè koutim chak zòn enpòtan. APA toujou mansyone 3 K yo: Kilti, Koutim ak Kominote ki se 3 pilye enpòtan ki entegre travay nou. Respè pou APA rantre nan tout ti detay. 

Angajman

Jeneralman, yon angajman mande reflechi anpil anvan w pran l. Angajman avèk APA gen 2 nivo. Yon premye nivo ki relatif ak kontra kotch la siyen an, yon dezyèm ki pa siyen men ki gen anpil enpòtans – ki se angajman pou sipòte koz ledikasyon an Ayiti. APA pa gen pretansyon l ka chanje peyi a pou kont li, men l kwè si nou tout mete ansanm, n ap kapab.  APA kwè angajman siyifi responsabilite.

Pwofil Rekrite/Kotch yo

Enstiti a ap ekipe kotch yo pou yo vin motè ak katalizè devlopman an nan lekòl yo epi nan kominote yo. Kotch yo pral jwe yon wòl relasyonèl ak aktè nan kominote yo epi tout lòt resouzimèn posib. 

Pou rekrite nan pwogram sa a, postilan an bezwen:

  • Genyen yon diplòm nan Syans Edikasyon, oubyen Lekòl Nòmal oubyen nan yon disiplin konèks

  • Genyen minimòm 3 ane eksperyans nan ansèyman oubyen administrasyon eskolè, oubyen nan enspeksyon eskolè

  • Genyen minimòm 2 zan nan ankadre/sipèvize lòt moun

  • Ap viv nan depatman Sant, oubyen li gen volonte pou l abite la pandan tout dire pwogram nan, sa ki gen ladan l peryòd travay nan lekòl li pra l afekte a (total 4 lane). Enpòtan: APA pa responsab pou deplasman ak lojman

  • Genyen yon òdinatè pèsonèl ki mache byen e ki gen bon kapasite, ak yon telefòn entèlijan

  • Montre yon wo nivo lidèchip

  • Demontre yon bon sans  inovasyon

  • Genyen gwo kapasite nan kominikasyon oral ak ekri (Kreyòl ak fransè)

  • Genyen bon kapasite/eksperyans nan teknoloji

  • Genyen yon nivo otonomi ak disiplin pèsonèl

Kontni fòmasyon yo

Fòmasyon sa a trè pratik. Li ap fè yon mizajou sou konesans patisipan yo te genyen deja nan domèn pedagoji ak andragoji epi l ap ajoute eleman ki relatif ak kotchin epi lidèchip.

Finalite a se rive genyen yon rezo kotch ki metrize kesyon ansèyman aprantisaj byen, epi ki kapab ankadre kominote lekòl la pou kondwi li nan yon apwòch transfòmasyonèl ki pra l rann lekòl la pi enklizif e wè tèt li kòm kominote kote chanjman an kòmanse. Kotch sa yo tou ap resevwa fòmasyon ki ap pèmèt yo travay ak diferan lòt sektè. 

Fòmasyon sa a kouvri anviwon 5 modil sa yo:

  1. Prensip bazik kotchin

  2. Teknik kotchin

  3. Teknik andragojik

  4. Relasyon lekòl ak kominote

  5. Kilti nimerik

Responsabilite kotch yo

Jan li mansyone pi wo a, wòl kotch la esansyèl nan kad pwogram sa a. Sa ki site nan dokiman sa a pa final, li pa bay tout wòl kotch la. Men an gwo, kotch la pral: 

  • Sipòte ekip pedagojik ak estaf anseyan lekòl la pou ede amelyore rezilta aprenan yo;

  • Kreye/ranfòse relasyon ant lekòl la ak kominote a;

  • Ranfòse relasyon paran yo ak lekòl la;

  • Sipòte direksyon an nan desizyon pedagojik, administratif, elt;

  • Sèvi kòm ajan chanjman nan kominote a;

  • Travay nan tèt kole ak komite paran lekòl la epi tout lòt pèsonèl pou kreye yon klima aprantisaj efikas e transfòmasyonèl;

  • Ede nan analiz rezilta yo pou oryante pi bon desizyon. 

Pwofil lekòl patnè

Apwòch APA pa priyorize konstriksyon lekòl. Sa pa vle di l pa enpòtan, men l vle priyorize kalite a anvan kantite a. Pou rezon sa a, se toujou patenarya APA ap devlope ak lekòl ki egziste deja pou pwogram sa a. Lekòl ki pra l kolabore ak pwogram nan pra l:

  1. Reponn ak kèk egzijans/kondisyon,

  2. Siyen yon pwotokòl akò.  

Kèk egzijans lekòl la dwe satisfè: 

  1. Aksepte kreyòl kòm lang ansèyman nan lekòl la (sa pa vle di elimine franse);

  2. Dakò elimine chatiman kòporèl (bat aprenan yo) ;  

  3. Ofri estaf li salè minimòm APA egzije; 

  4. Genyen yon pwofesè minimòm pa klas;

  5. Genyen yon direktè pedagojik;

  6. Montre yon nivo rigè/disiplin ak responsabilite;

  7. Aksepte filozofi APA an jeneral. 

Avantaj lekòl la ap resevwa

  1. Seyans Devlopman Pwofesyonèl pou estaf anseyan yo;

  2. Kotchin pou anseyan yo; 

  3. Kotchin pou administrasyon an (direksyon an);

  4. Enplikasyon nan lavi lekòl la ak komite paran yo.