Anseye Pou Ayiti ap envesti nan yon sistèm edikatif ayisyen ki bay tout sitwayen dwa ak bon jan kalite edikasyon. Nan Anseye Pou Ayiti (APA), nou travay ak kominote yo pou n kreye yon rezo sitwayen-lidè. Ansanm, n ap konstui yon sistèm edikasyon egalego ki chita sou istwa, valè, epi vizyon.
Misyon Anseye Pou Ayiti se ogmante rezilta lekòl ann Ayiti nan fè rekritman epi devlopman pwofesyonèl anseyan pou lekòl ki deja egziste. Ansèyman ansanm ak lidèchip transfòmasyonèl pral bay tout elèv konesans, konpetans ak mantalite y ap bezwen pou yo rive akonpli sa yo kapab fè gras ak menm chans yo tout ap jwenn, mennen yon lavi nan pwosperite youn ak lòt, epi pou yo bay patisipasyon pa yo nan yon sosyete ki pi eklere nan 21èm syèk la.
Klike pou videyo pou plis enfòmasyon sou misyon Anseye Pou Ayiti!
- Rekritman: Yon sik chak ane pou rekritman ak seleksyon yon gwoup anseyan-lidè, paran-lidè e direktè-lidè. Pwogram anseyan-lidè yo dire 2 lane, e fòk yo travay kòm anseyan titilè nan yon sal klas (2 premye sik fondamantal) pandan 2 lane sa yo. Pwogram kowòt paran ak kowòt direktè lekòl yo dire 1 lane.
- Devlopman Pwofesyonèl: Fòmasyon obligatwa anvan komansman ane lekòl la, epi yon pwogram devlopman pwofesyonèl k ap priyorize ansèyman, lidèchip transfòmasyonèl, chanjman sosyal ak pwomosyon kominotè.
- Sipò pou lidèchip anbasadè nou yo: Apre pwogram devlopman pwofesyonèl lan, moun ki gradye nan pwogram Anseye Pou Ayiti vin anbasadè aktif nan mouvman nou an.
Kandida nou yo se moun kap viv ann Ayiti, ki kwè nan misyon ak vizyon nou.
- Kandida anseyan-lidè: Nou rekrite yon melanj inivèsitè diplome (nòmalyen ladan tou) ak tout lòt disiplin, plis pwofesè aktyèl ki fè bakaloreya (Bac II).
- Kandida paran-lidè: Paran an dwe gen timoun lekòl pandan ane kowòt la (fòk li gen omyen 1 timoun ki gen plis pase 6 zan). Li dwe rete nan youn nan zòn kowòt la (Mibalè oswa Gonayiv), epi pitit li dwe nan yon lekòl nan zòn sa yo.
- Kandida direktè-lidè: Direktè a dwe an fonksyon pandan ane kowòt la epi genyen pou pi piti 2 zan eksperyans kòm direktè lekòl. Li dwe rete nan youn nan 2 zòn kowòt la ki se Mibalè ak Gonayiv, epi lekòl l ap dirije a tou. Direktè postilan an dwe genyen bakaloreya (Bac II).
- Yon rezo sitwayen-lidè pou ankouraje kolaborasyon & chanjman nan nivo kominote nou yo.
- Respekte sa nou jwenn ann Ayiti sou plan kilti, respekte moun tout zòn, ak koutim moun nan peyi a, epi entegre tout sa nan pwogram nou yo.
- Patenarya: Nou pa janm travay pou kont nou, men pito nou kolabore ak leta e sektè prive yon fason estratejik pou asire modèl nou an pote pi gwo chanjman li kapab pote atravè peyi nou.
- Swivi ak evalyasyon pou idantifye sa ki pote yon chanjman tout bon pou reyisit elèv ak sitwayen.
APA fonde an 2014 pou kreye yon mouvman ayisyen ki mete egalite chans eskolè ak jistis sosyal an valè. Nou travay ak lekòl fondamantal patnè an pwovens, sitou nan premye ak dezyèm sik. Aprenan nou yo ap retwouve yo sou plan akademik, anplis y ap ekipe pou yo reyisi kòm sitwayen-lidè pandan tout lavi yo tou. N ap devlope yon nouvo jenerasyon lidè pou transfòme kominote nou yo.
Anseye Pou Ayiti, yon mouvman dirab: N ap envesti nan lidè ki gen bon jan kapasite, pou anbasadè nou yo (gradye nan pwogram APA) konble gwo mank nan kapasite sistèm edikasyon nou an. Anbasadè nou yo pral bon jan anseyan konpetan ki asire reyisit elèv lekòl, direktè lekòl, konseye pedagojik, ak moun ki nan sektè byenfezans e sektè komèsyal ki vle travay pou gen egalite nan zafè lekòl pou tout Ayisyen. APA ankouraje lidèchip tout anbasadè nou yo – anseyan-lidè, paran-lidè, direktè-lidè – nan tout sektè sosyete ayisyen an kòm defansè yon refòm edikatif ak sivik. Men anpil, chay pa lou !