chevron carousel-svg hamburger close

Patnè Nou Yo

Patnè nou yo ki Ayiti ak sila yo ki nan lemonnantye k ap travay ansanm pou atenn menm objektif yo ranfòse mouvman APA a epi yo kontribye nan pote gwo chanjman nan edikasyon tout timoun.

Patnè Lokal yo

Patnè lokal nou yo konnen anpil bagay sou istwa, kilti, ak koutim Ayisyen an. Kidonk, yo pi byen plase pou planifye pwogram APA yo.

Lekòl Primè Lokal yo

APA genyen 116 lekòl patnè lokal nan senk (5) kominote patnè, ki se: Gwo-Mòn, Gonayiv, Mibalè, Boukan Kare, epi Ench. Se nan lekòl patnè nou yo nou mete anseyan ki nan kowòt nou yo. Anseyan-Lidè APA yo ede lekòl yo konble pòs ki vid yo, sa ki ranfòse kapasite lekòl yo pou yo fè yon gwo enpak sou amelyorasyon edikasyon an epi chanje pakou lavi aprenan yo pou yon pi bon direksyon.


Patnè Lokal k ap Egzekite Pwojè yo

Patnè lokal nou yo ap fè gwo jefò pou yo rann edikasyon an ekitab. Se poutèt sa yo envesti nan Anseyan-Lidè, yo òganize atelye ki itil epi yo kolabore avèk otorite ki nan gouvènman yo.

Patnè Global yo

Menm jan ak Ayisyen k ap viv nan lòt peyi yo, patnè nou yo ki toupatou nan mond lan jwe yon gwo wòl nan ede Ayiti amelyore sistèm edikatif li a epi prezève idantite kiltirèl san parèy li an.