chevron carousel-svg hamburger close
Anseyan se yon metye – men anseyan-lidè se plis pase sa

Entwodiksyon

Nan lane 2009, leta Ayisyen te pran angajman pou reyalize objektif milenè pou devlòpman (OMD) kote selon yonn nan yo leta te vize voye tout timoun lekòl ann Ayiti epi pèmèt yo tèmine avèk siksè 2 premye sik lekòl fondamantal yo. Pou sa te rive fèt, premye Minis ak Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl nan epòk sa a, te elabore yon plan ki rele "Estrateji nasyonal aksyon pou tout moun" (SNA/EPI). Estrateji sa a te debouche sou yon pwojè ki pote non « Pwojè pou apiye edikasyon pou tout moun ». Pwojè sa a ki pote non EPT (Edikasyon pou tout moun).

Pou apiye Ayiti nan jefò pou rive atenn objektif Edikasyon pou tout moun nan (EPT) anvan lane 2015, Bank Mondyal finanse yon pwogram fòmasyon ki rele Fòmasyon Inisyal Akselere (FIA). Pwogram sa te ekzekite sou lidèchip direksyon fòmasyon ak pèfeksyònman (DFP) nan ministè edikasyon nasyonal. DFP te mete FIA anplas nan objektif pou te pwofesyonalize metye anseyan ann Ayiti epi devlope konpetans nesesè lakay anseyan-mèt yo paske konsta ki fèt montre gen anpil pwofesè kap anseye sitou nan nivo primè ki pat janm pran fòmasyon pou ekzèse metye anseyan. Se poutèt sa, yonn nan mak fabrik pwogram FIA se pèmèt etidyan-mèt la fè staj nan sal klas pou li rive amelyore kalite fòmasyon l ap bay elèv yo. Anplis, pwogram FIA pèmèt yo rive konble lakin ki genyen bò kote etidyan-mèt yo (EM) sou plan akademik ak syantifik. Se pou sa fòmasyon an aji sou etidyan-mèt yo sou plan sa yo: Sikopedagojik epi didaktik pou entegre ak atikile 2 konpozan prensipal fòmasyon an ki baze sou fòmasyon teyorik ak pratik.

Konsa, si bò kote Leta Ayisyen l ap chache amelyore kapasite mèt yo ki nan sal klas atravè pwogram fòmasyon li mete sou pye a ki rele FIA, gen enstitisyon nan sosyete sivil la tou ki parèt preyokipe sou kalite pèfòmans mèt yo nan sal klas. Nan sans sa a, Anseye Pou Ayiti (APA) ki gen estrikti yon òganizasyon non gouvènmantal vini ak yon pwogram devlòpman pwofesyonèl (yon seri fòmasyon) sou lidèchip transfòmasyonèl pou ayisyen tout kategori tankou mèt yo ki te deja ap anseye nan sal klas tou. Eske pwogram APA se yonn anplis ki ajoute nan kad jefò k ap fèt pou fòme anseyan-mèt yo ? Eske li fè diferans ak pwogram ki gen menm objektif pou fòme anseyan-mèt yo ?

Ki diferans ak resanblans ki gen ant pwogram FIA ak APA? Pou nou ka jwenn repons pou kesyon sa yo, n ap fè yon prezantasyon de chak pwogram sa yo; apre nap gade ki kote yo sanble epi nan kisa yo diferan.

Kòman fòmasyon inisyal akselere (FIA) a dewoule?

Fòmasyon FIA kòmanse ak yon seri kou mizanivo nan disiplin sa yo: matematik, franse ak kreyòl. Apre tan mizanivo a, etidyan-mèt yo te jwenn fòmasyon nan matyè sa yo: jesyon klas, evalyasyon, aprantisaj, mikro ansèyman, didaktik, syans sosyal, edikasyon atistik ak kiltirèl. Pandan yon lane, etidyan-mèt la pran fòmasyon epi reyalize an menm tan staj obsèvasyon kote li obsève jesyon klas.

Nan fòmasyon FIA a genyen tou yon kou sou lejislasyon ki entèdi chatiman kòporèl sou timoun yo nan klas. Se yon fason pou te sansibilize elèv-mèt yo pou pa frape timoun yo, men yo pat vrèman chita sou lòt fòm disiplin altènativ ki san vyolans. Sa vle di, yo pat montre etidyan-mèt yo kòman pou yo ranplase chatiman kòporèl pa disiplin pozitif, kòman anseyan yo dwe kapab byen jere yon sal klas san li pa itilize baton men pito lòt teknik ak estrateji apwopriye avèk chak aksyon aprenan yo komèt.

Etidyan-mèt yo ki suiv pwogram FIA pase dezan staj, yonn nan ensèsyon pwofesyonèl ak yon lòt nan pratik ki pèmèt li pran responsablite li pandan moman vakans nan aprann kou siplemantè tankou: lejislasyon eskolè, etik pwofesyonèl, aprantisaj avèk mizik, preparasyon materyèl didaktik, metòd ak metodoloji. Pandan 3 lane sa yo etidyan-mèt yo dwe rive konprann byen kòman pou yo te travay nan klas, sitou sou plan pedagojik.

Kisa Pwogram Anseye Pou Ayiti (APA) a ye?

Anseye Pou Ayiti (APA) se yon pwogram devlòpman pwofesyonèl sou lidèchip transfòmasyonèl ki tabli baz li nan edikasyon, nan nivo fondamantal. Sa vle di nenpòt ki pwofesyonèl ki seleksyone nan pwogram nan, l ap gen pou pase dezan ap anseye nan primè paske yon aspè enpòtan nan pwogram nan se prepare anseyan-lidè pou travay nan sal klas. Nan vizyon APA, li vle garanti chak moun dwa yo genyen pou yo jwenn bon jan edikasyon, pou anseyan-lidè yo rive atenn ekselans akademik nan aktivite pwofesyonèl yo epi garanti reyisit elèv yo. Pou li rive atenn objektif sa yo, pwogram APA fè rekritman anseyan-lidè k ap anseye nan sal klas epi travay sou devlòpman pwofesyonèl yo.

Yonn nan pilye apwòch APA a, se travay sou devlòpman lidèchip anseyan yo. Pou APA fè travay sa a, li travay anpil teknik sou jesyon klas epi kijan pou anseyan yo kreye yon anviwònman k ap favorize pi bon aprantisaj kay elèv yo. Anseyan yo jwenn tou bon jan fòmasyon pou montre aprenan yo kòman pou dekouvri konpetans ki lakay yo. Aprenan yo tou aprann kòman pou elabore vizyon ak konpetans yo. Anplis, pwogram APA entèrese ak sa k ap pase nan kominote aprenan yo epi li pran ankont kilti ak koutim yo.

Resanblans ki genyen ant pwogram FIA ak pwogram APA

Yonn nan resanblans pwogram FIA ak APA se nan objektif ak finalite yo vize pou rive amelyore sistèm ansèyman nan peyi d Ayiti. Sou plan akademik, tou de pwogram yo vize transmèt ak etidyan yo konpetans didaktik ki gen pou wè ak kourikoulòm nivo fondamantal la nan plizyè matyè tankou franse, matematik, elatriye. Epi jan nou te di li pi wo a, pwogram sa yo vize prepare menm piblik ki se anseyan nan sal klas. Si divès pwen nou site la yo montre resanblans de pwogram yo, gen anpil lòt ki montre nou diferans yo genyen menm lè se de pwogram ki ap reyalize nan domèn edikasyon.

Diferans ki genyen ant pwogram FIA ak APA

Kontni pwogram APA parèt pi long ke pa FIA. Anplis konpetans akademik yo, pwogram APA vize devlope lidèchip anseyan yo nan sal klas ak nan kominote yo epi li ankouraje patisipasyon elèv yo nan pwosesis aprantisaj la. Pou travay sa rive fèt, APA bay anseyan-lidè yo fòmasyon sou entèraksyon ant paran ak pwofesè ak lidèchip transfomasyonèl pou pèmèt yo jere pi byen sal klas yo epi devlope konfyans nan tèt yo.

Pwogram APA entèrese a koutim, kilti epi kominote aprenan yo. Se sak fè, nan ilistrasyon ak ekzanp ke pwofesè yo ap pran pou transmèt pi byen konesans yo, yo itilize imaj ki gen pou wè ak reyalite kominote aprenan yo. Konpòtman sa pèmèt yo devlope lanmou ak respè ke elèv la gen pou kominote a. Anplis, pwogram APA ankouraje patisipasyon elèv yo nan pwosesis aprantisaj la. Anseyan an dwe montre aprenan-lidè dekouvri konpetans li gen lakay li epi ankouraje l pou li itilize konpetans sa yo. Lòt bagay, yo montre aprenan-lidè yo kòman pou elabore pwòp vizyon yo epi pwojte sa yo ta renmen ye demen nan sosyete y ap viv la. Yo aprann etabli règleman klas la epi kòman yonn dwe gen respè pou lòt.

Pwogram APA entèdi chatiman kòporèl nan sal klas menm jan ak pa FIA men APA ede anseyan yo devlope lòt disiplin pozitif pou korije yon konpòtman dezagreyab aprenan-lidè yo kapab genyen nan sal klas. Disiplin pozitif la pèmèt aprenan-lidè ki fotif la reflechi epi pote koreksyon sou move konpòtman e li pèmèt li aprann tou. Finalman, nou kapab di tout sa ki sot site yo la, lè nou konpare 2 fòmasyon yo nou wè APA se yon lòt inisyativ se nan sans sa nou kapab di : Anseyan se yon metye, men anseyan-lidè se plis ke sa.

Pou fini, nou kapab di pwogram FIA a baze sou yon apwòch pedagojik ki vize ranfòse kapasite yon anseyan nan prepare, anime, prezante epi evalye yon leson nan sal klas. Alòske pwogram APA a chita sou lidèchip transfòmasyonèl ki vize transfòmasyon anseyan-lidè ak aprenan-lidè yo nan solidarite sosyal, ekselans, respè yonn pou lòt ak angajman y ap pran pou patisipe epi enplike yo nan chanjman kominote yo. APA vize pi plis ke edikasyon nan sal klas, men li wè chanjman sosyal k ap enfliyanse sitwayen-lidè nan yon kominote modèl.

Konklisyon

Finalman, nou rive montre pwogram edikatif FIA ak pa Anseye Pou Ayiti (APA) a genyen resanblans paske tou de gen pou objektif amelyore sistèm edikatif ann Ayiti. Men de pwogram edikasyon sa yo genyen anpil diferans jan nou montre sa nan devlòpman atik la. Nou kapab pran pou prèv nan sans sa a, kourikoulòm 2 pwogram yo epi vizyon global yo Anseye Pou Ayiti chita sou lidèchip transfòmasyonèl, lidèchip etik, lidèchip sèvitè ak lidèchip pedagojik k ap bay valè ak kilti, koutim ak kominote.