chevron carousel-svg hamburger close
Bon jan ledikasyon pou timoun ki restavèk yo, yon dwa olye yon favè

Nan sosyete ayisyen an, nou tande fenomèn restavèk la chak jou, men èske nou konnen ki sa ki yon restavèk ? Ki mal li fè nan sosyete a ? Yon restavèk se yon timoun ki oblije kite lakay paran l pou l ale viv ak yon lòt moun ki, pafwa pa gen okenn rapò ak li. Timoun sa a fè tout travay domestik nan kay kote li ye a. Li konn rive fè lòt travay ki pa nan kay la tankou: ale vann nan mache, ale nan jaden, elatriye.

Pou sa ki gen rapò ak koze lekòl, sa prèske pa egziste pou restavèk yo. Esperyans mwen avèk yon restavèk nan yon lekòl ki blayi kò l nan lakou Mibalè, fè m konprann pi byen, fenomèn sa a. Nan yon klas, te genyen yon aprenan ki nan sitiyasyon restavèk, se prèske chak jou li rive lekòl la anreta. Jou mèkredi ak jou jedi, ou pa fasil jwenn li lekòl la, paske 2 jou sa yo li souvan ale nan mache ak moun ki responsab li a. Kèk fwa, li konn vini lekòl la ak kèk mak sou kò li, lè anseyan poze l kesyon sou tras sa yo ki sou kò l yo, li di se matant li ki bat li konsa. Mande l nimewo telefòn matant ki fè mak sa yo sou kò l li reponn anseyan : « Si w pale sou sa ak matant mwen, l ap bat mwen ankò ». Tout sa ède m wè ak konprann : « Timoun ki restavèk pa rive jwi menm dwa ak tout timoun nan sosyete a ».

Yon timoun ki restavèk se tankou yon esklav. Dwa pou yo jwenn bon jan ledikasyon prèske pa egziste pou yo. Anpil nan yo pa ale lekòl ditou. Ti kantite ki rive jwenn chans ale lekòl la pa rive lwen, yo pa rive jwenn sa yo ta sipoze jwenn nan sa ki gen pou wè ak bon jan ledikasyon yon fason pou yo ta kapab itil tèt yo demen. Anpil fwa se nan lekòl aprè midi ou jwenn timoun sa yo. Aprè lekòl la, rive lakay, pa gen twòp tan pou etidye pou m pa di pa gen tan pou etidye ditou, leve demen maten se pi rèd.

Anpil nan timoun sa yo pa rive pi lwen pase 6e ane fondamantal. Anpil nan yo kite lekòl pou ale fè komès, nan ka ti fi yo, genyen ki rive ansent avan lè paske yo konn sibi vyòl nan men pwòp moun k ap viv nan menm kay ak yo, gen lòt ki oblije ale travay kay madanm ki se yon lòt fòm esklavaj.

Dènye rechèch yo di, sou chak 15 timoun ou ap jwenn pou pi piti youn nan yo ki se restavèk. Konvansyon entènasyonal sou dwa timoun yo di timoun pagen dwa travay si yo pako gen 18 lane men pou yon restavèk, dwa a sa a pa respekte paske timoun sa yo fè tout kalite travay.

Yon timoun ki restavèk gen dwa pou jwenn ak jwi bon jan kalite ledikasyon, pou yo kapab itil tèt yo, itil fanmi yo, itil kominote yo ak rive menm itil peyi yo. Men, pou yo rive itil tout kominote a, fòk yo jwenn bon jan ledikasyon e bon jan ledikasyon sila a pa dwe ni yon favè ni yon kado men, se yon dwa tout timoun genyen sitou retavèk yo.