chevron carousel-svg hamburger close
Itilize kilti ak koutim pou entegre w nan kominote a

Mwen te antre nan Anseye Pou Ayiti (APA) nan lane 2015 aprè yon kout prezantasyon PDG mouvman sa a te fè nan yon lekòl kote mwen t ap anseye. Peryòd rekritman an te vrèman long epi li te gen plizyè etap ladan l. Gen yon lè m rive, mwen te vle dekouraje men mwen te sonje ti pwovèb kreyòl sa a ki di: “Avèk pasyans, wap jwenn trip foumi’’. Aprè tout etap sa yo, mwen te rive seleksyone epi swiv tout seyans fòmasyon yo, mwen gradye kounyea kidonk mwen se yon anbasadè pou bèl mouvman sa a.

Jodia, mwen vle pataje avèk tout lektè MAGAPA yo, kòman APA ede m devlope pwofesyonèlman epi pale tou piti sou eksperyans mwen kòm fòmatè nan yon enstiti fòmasyon siperyè ki rele InnovEd-UniQ (Inovasyon nan Edikasyon/ Université Quiskeya) nan komin Answouj. Enstiti sa a travay nan dom n edikasyon nan plizyè depatman pami yo nou ka site Sant, Latibonit, elatriye.

APA, kòm mouvman k ap fòme epi ekipe jèn lidè k ap travay non sèlman nan salklas yo men nan plizyè lòt chan disiplinè epi fè fas ak lavi yo tou, ede m jwenn bon jan estrateji tou nèf ak nouvèl metòd pou m ka fè travay mwen pi byen. Malgre plizyè etid mwen te fè nan edikasyon, yo pat rive chanje estil ansèyman mwen yo reyèlman ki te plis konsantre sou mwen menm. Nan ka sa a, aprenan yo te trè pasif men avèk APA mwen rive konprann pa gen aprenan ki sòt, men pito ede l konstwi pwòp konesans li, pa gen timoun ki pa entèlijan, men gade pito kouman sèvo a fonksyone. Mwen vin konprann sèvo timoun yo se tankou misk ki nan kò moun toutan wap fè plis pratik ak espò misk lan ap devlope se konsa tou sèvo a ap grandi toutan wap ajoute nouvo konesans. APA ede m elimine chatiman kòporèl ki se yon viris pou sistèm edikatif la jeneralman epi pou elèv yo patikilyèman, kote olye mwen bimen aprenan mwen yo lè yo afiche yon movè konpòtman, mwen chèche pito rezon ki mennen move konpòtman yo epi analize yo an fonksyon de tranch laj ak milye oswa anviwònman imedya aprenan yo paske Rousseau ak Piaget moutre anviwònman an kapab enfliyanse timoun yo. Aprè mwen fin analize yo, mwen vini ak konsekans lojik. Demach sa a pa valab sèlman nan salklas yo men nan lavi an jeneral. Konsekans lojik la se li menm ki ranplase chatiman kòporèl la, vyolans vèbal elatriye nou kapab defini li kòm tout aktivite konstriktif nou bay aprenan yo lè yo afiche movè konpòtman epi yo kapab tire leson de yo.

Aprè nou fin li ti kras sou kouman fòmasyon APA yo te ede m nan salklas, ann gade ansanm ti kras sou eksperyans mwen kòm fòmatè.

Nan komin Answouj kote m ap evolye kòm fomatè InnovEd-UniQ, responsab yo te rive seleksyone 17 lekòl nasyonal kite nan nesesite fòmasyon ak akonpanyeman aprè fòmasyon. Jan nou konnen l déjà, kòmansman yo toujou difisil, konsa kòmansman pwogram nan pat fasil, enkonpreyansyon lakay tout aktè yo tankou: BDS (Biwo Distri Eskolè Answouj), direksyon lekòl yo ak Anseyan yo. Ajoute sou tout sa yo, gen yon

fenomèn “MOUN VINI ‘’ ki nan mantalite yo depi lantikite. Yo toujou eskplike: “Moun pap soti lòt kote pou vin fè yo lalwa lakay yo, yo la, se yo ki pou fè l’’. Anje sa yo te vin rann tach mwen pi konplike kòm fòmatè/ankadrè. Men nan APA, mwen te resevwa yon fòmasyon sou lidèchip sitou lidèchip transfòmasyonèl kite vrèman ede m simonte tout difikilte sa yo. Pandan rès manb ekip la ap miltipliye rankont, mwen menm mwen te konprann mwen dwe aji rapidman epi poze aksyon konkrè ki kapab enfliyanse, konvenk ak fè aktè sa yo swiv nou. Pou sa te rive posib, jan anpil syosològ ak antwopològ di l, mwen te oblije entegre kominote yo pou m te kapab fè sa ki rele obsèvasyon patisipant lan tankou: ale nan dezafi (dezafi a, se lè moun sòti nan plizyè lokalite diferan pou yo vin nan yon sèl gagè kote y ap fè konba kòk), ale nan fèt patwonal, ale nan konbit, ale nan disko elatriye pou pale ak moun yo.

Kounyea, mwen kapab di nou demach sa yo pote rezilta paske tout bagay ap mache byen, yo vin konprann mwen ak kèk lòt manm nan ekip la pa diferan de yo, yo vin angaje epi ofri nou franch kolaborasyon yo pou n avanse ansanm, tout sa rive fèt gras ak fòmasyon kite pale sou lidèchip la.

Leta, sektè prive, sitwayen konsekan, patnè nasyonal ak entènasyonal, ann kontinye sipòte bèl mouvman sa a, pou ELÈV yo pou PEYI nou.