chevron carousel-svg hamburger close
Pedagoji aktiv, yon estimilan pou reyisit lekòl.

Depi plizyè syèk, chatiman kòporèl ap taye banda nan peyi Dayiti.

Baton, ajenou ak lòt pinisyon ki gen anpil efè negatif sou moun, se sèl mwayen lekòl te toujou konn itilize pou fè aprenan aprann.

Jounen jodi a, prèske tout kote ou pase, y ap pale sou pedagoji aktiv. Kisa
pedagoji aktiv la ye? Ki avantaj li pote? Nan ki nivo nou ka itilize pedagoji aktiv? Eske gen yon materyèl espesyal pou itilize nan pedagoji aktiv? Anpil lòt moun pale sou pedagoji aktiv. Tankou : Maria Montessori, Philippe Meirieu, Ovide Decroly, Marguerite Altet, Célestin Freinet, elatriye. Gen ladan yo ki kwè aprantisaj la se devlòpman ak fòmasyon aprenan an kòm yon moun (Ovide Decroly). Genyen ki kwè nan fòme aprenan an kòm yon moun sosyal, yon manm nan kominote l. Satiyèt enterè pou kominote kay aprenan an ki pou pouse l aji (pedagoji sosyalis ak pwodiktiv / Célestin Freinet). John Dewey di ou pa dwe fòse timoun nan aprann men fè li pran yon angajman pou aprantisaj li. Aktivite aprantisaj yo dwe enteresan epi gen sans pou aprenan an. Roger Cousinet di si anseyan vle aprenan aprann , li dwe sispann anseye. Paske aprann se chèche enfòmasyon.

Nan otè sa yo, kiyès ki gen tò oubyen rezon? Nou pa konnen.

Men nan Anseye Pou Ayiti, pwiske adaj la di : « Monte sou zepòl sa yo ki pi gran pou wè pi lwen » nou pran sa nou jije bon nan chak apwòch yo epi nou ajoute lanmou. Timoun pa aprann nan men moun li pa renmen ni ki pa renmen l tou. Pou m repete Rita Person.

Nan kontèks pa nou, pedagoji aktiv se bon jan relasyon bati sou lanmou ak respè nan mitan aprenan ak anseyan andedan ak deyò sal klas la pandan chak aprenan angaje li nan chèche enfòmasyon k ap pèmèt yo fè deba, grandi, pwodwi pou pote rezilta pozitif sou kominote a.

Lè ou itilize pedagoji aktiv nan klas ou, ou jwenn plis enfòmasyon nan mwens tan, sa vle di gen plis aprantisaj pandan anseyan fè mwens efò. Gen plis motivasyon nan mitan aprenan yo. Aprenan yo pran tan pou yo reflechi, devlope otonomi, inisyativ ak kreyativite. Li favorize aprantisaj, lespri analiz ak kritik. Aprenan yo anvi aprann , yo vin renmen lekòl paske sa y ap fè lekòl la, se sa yo fè e viv nan lavi yo chak jou.

Nan kèlkeswa nivo, ou ka itilize pedagoji aktiv, depi preskolè jiska tèminal. Chak nivo nan dimansyon pa l.

Pa gen yon materyèl espesyal pou pedagoji aktiv. Se menm materyèl yo, nou itilize yon lòt fason. Eske ou konnen gen moun ki fini lekòl, ki pa janm itilize yon riban metrik e ki ka pa janm jwenn chans itilize li parapò ak metye li vin chwazi nan lavni. Anpil jèn ki antre nan jeni sivil, koutiryè, elatriye se nan inivèsite yo pral resi manyen materyèl sa a ki te devan je yo chak jou. Olye n ap di aprenan an ang dwa mezire 90°, mande l trase figi ou konnen l ap jwenn ang dwa ladan l lan, mande li mezire ang yo, diskite ak lòt aprenan, pou dekouvri yo menm lè ang lan dwa e 90° se mezi a . Li pap janm bliye sa li dekouvri.

Anseyan, jodi a pedagoji aktiv ofri nou opòtinite pou nou pwodwi moun konplè pou pran la relèv pou lè nou pa kapab ankò. Ann sispann fè yo repete tankou jako repèt sa lòt moun te di. Mete yo nan anbyans pou yo pwodwi apati eksperyans ak dekouvèt yo fè. Pandan n ap itilize pedagoji aktiv, n ap tou dekouvri ak ki materyèl chak aprenan pi alèz epi oryante yo nan sa ki ale avè yo pou lavi pwofesyonèl yo.

Konsa, yo pap bezwen al envesti yon lane nan yon bagay pou se lè yo rive , yo rann yo kont sa pa fèt pou yo. Kèkfwa, yo al eseye nan yon lòt domèn; kèkfwa, yo tou bay vag oubyen yo di : M deja la, m ap kontinye. Men, etid sa pa janm itil yo anyen paske se pat sa yo te anvi fè vrèman.

Si ou antrene yo nan anbyans pedagoji aktiv la, n ap gen plis aprenan ki reyisi lavi yo. Ann anseye yo byen jodia pou yo byen anseye jenerasyon ki gen pou vini yo.

Ann anseye yo pou Ayiti!!!