chevron carousel-svg hamburger close
Yon nouvèl Ayiti posib ak yon nouvèl jenerasyon lidè

Soti 1804 rive 1982, sistèm edikatif ayisyen an t ap kopye sou sistèm edikatif fransè a, kote ansèyman an te konn fèt nan lang franse, sa te lakòz ansèyman an te chita sou pakè sèlman san konpreyansyon. Nou te vin divize san nou pa t rann nou kont paske lang franse se te zafè gwo zouzoun, timoun nan milye defavorize yo te vin pa t gen menm chans reyisit ak timoun milye riral yo. Lang kreyòl la te vin sinonim lamizè, sa vin lage nou nan diskriminasyon sosyal.

Nan lane 1982, Doktè Joseph Claude Bernard ki te minis edikasyon te vini avèk yon refòm, ki ladan te mande pou ansèyman-aprantisaj la fèt nan 2 lang, ki se kreyòl ak franse. Malgre sa a, nou pa remake gran chanjman paske tout liv aprenan yo te toujou an franse epi pa t gen materyèl pedagojik. Nou ka di pwoblèm ekonomik te lakòz refòm nan pa t ka ateri men, li te sèvi kòm « vizyomèt » pou fè pedagòg yo wè pi lwen kote je yo pa t ka rive.

Nan lane 1997, yo te vote yon lwa ki se « Plan National d’Education et de Formation (PNEF) » ki te di tout timoun gen aksè ak yon edikasyon ki gen kalite, malerezman ki pa t janm abouti ak rezilta edikasyon ki gen kalitea. Plan sa a te gen pou objektif amelyore kalite edikasyon an epi veye sou pwogresyon aprenan yo. Nou ta ka rele plan sa a kontinite oswa pwolonjman refòm Bernard a. Malgre sa sistèm nan te toujou ap andire gwo difikilte ki te anpeche l atenn objektif li, tankou anseyan ki pa kalifye, fèb pousantaj lekòl piblik yo, pwoblèm egalite chans, pwoblèm materyèl, nan mitan yon pakèt. Pwoblèm sa yo lakòz nouvèl Ayiti a rete nan papye li pa ka ateri paske sistèm edikatif peyi a malad e vizyomèt pedagòg yo paka detèmine sous pwoblèm nan. Rezilta egzamen yo ap vin pi kritik chak jou ; depèdisyon eskolè se pa pale. Ti grenn ki rive reyisi nan filo yo, majorite nan yo pa konn sa pou yo fè paske yo pa gen yon vizyon ; inivèsitè yo menm ap fin kite peyi a pou y al chache lavi miyò nan peyi lòt bò dlo.

Poutan, depi nan lane 2014 gen yon mouvman ki rele : « Anseye Pou Ayiti » ki detèmine sous pwoblèm nan. Konfyans ak pèseverans ekip la fè yo rive anbwate lepa ak mouvman an nan lane 2015. Aprè tout analiz ekip la fè, yo rann yo kont : « Pwoblèm yo anpil men solisyon yo posib. » Poutèt sa, yo ale nan baz la pou dechouke pwoblèm yo jouk nan rasin li. Pou tout ti moun ka jwenn yon edikasyon wot kalite, APA rekrite moun ki vle pote patisipasyon yo nan sistèm nan, kit se inivèsitè, pwofesyonèl, anseyan, depi li gen diplòm filo. Li ekipe moun li rekrite yo nan devlopman pwofesyonèl sou pedagoji aktif ak lidèchip transfòmasyonèl. Li vin gen yon rezo anseyan-lidè k ap anseye soti nan preskolè rive nan sizyèm ane fondamantal.

Anseyan-lidè sa yo pa sèlman anseye aprenan yo matyè entèlektyèl yo, men yo ede yo devlope konpetans yo e elabore vizyon yo. Depi nan preskolè, chak aprenan konnen li se yon lidè k ap travay pou pote chanjman nan sal klas li, lekòl li, enfliyanse kominote l jouk li vin sitwayen konsekan e akonpli k ap itil tèt li, fanmi li, kominote li, peyi a. Aprenan yo jwenn posiblite, menm si yo poko gen anpil laj, pou yo elabore yon vizyon. Yo gen yon rèv. Yo gen tan konnen aprè etid klasik yo ki sa yo pral fè. Nivo sitwayènte yo tèlman devlope, yo renmen peyi yo, yo kwè nan chanjman an epi yo konnen yo chak se yon ajan chanjman nan kominote kote y ap viv la. Konsa, lè yo gran yo p ap bezwen pati kite peyi a. Okontrè, y ap gen kapasite pou kreye pwòp antrepriz pa yo, travay ak tèt yo, bay lòt moun travay. Lè sa a, y ap itil tèt yo, fanmi yo epi peyi a.

Nan lentèval 5 lane, soti 2015 rive 2019, Anseye Pou Ayiti gentan enpakte 10 000 ti moun ki vin aprenan-lidè. Se sa ki bay lasirans yon nouvèl Ayiti posib.