chevron carousel-svg hamburger close
Yon rèv k ap fè wout pou reyalize

Enben, mwen vle di tout Ayisyen konsekan ki kwè menm jan avèk mwen yon lòt Ayiti posib, vin pote kolaborasyon pa w nan gwo mouvman sa a pou n transfòme sistèm edikatif la.

Mwen sonje lè m te lekòl, mwen te gen yon anseyan ki t ap bay tout elèv klas mwen an kèk konsèy sou cheminman karyè pwofesyonèl. Li te pran anpil tan pou site non kèk metye si nou chwazi k ap bon pou nou. Lè li fin eksplike tout bagay sa yo, li tèmine pou l di : « Pa janm pèdi tan nou al nan edikasyon, pa pèdi tan nan ansèyman paske sa pa p itil nou anyen. »

Mwen menm ki te la epi ki t ap koute l ak anpil enterè te poze l yon kesyon pou m te ka konnen, kilès ki pral gen pou pran larelèv pou fòme sila yo k ap gen pou vini. Li te reponn
mwen pou l di m sa pa regade l paske se kòb li l ap defann epi pa gen okenn espwa pou peyi sa. Deklarasyon sa te fwase m anpil paske m te wè menm moun ki t ap anseye a t ap denigre edikasyon. Se depi lè sa, pou m te bay yon repons a pèsonaj sa mwen te gen yon pouse pou m etidye edikasyon jis pou m devni, yon jou, yon pèsonaj remakab nan edikasyon, ki pral plede pou sistèm nan vin gen moun serye, konpetan ki entegre l epi ki pral lite pou edikasyon ann Ayiti ka gen valè tankou tout lòt domèn nan tout peyi a epi k ap ka ede l devlope tout bon vre.

Pandan tout peryòd etid mwen, mwen toujou jwenn anpil kritik bò kote fanmiy ak zanmi ki toujou ap minimize m paske m ap etidye syans edikasyon. Yo toujou wè mwen se yon moun k ap pran move direksyon paske mwen sanse ap pase tout vi m nan move kondisyon. Lè vwazinaj mwen yo ap poze m kesyon pou mande m kisa m ap etidye, yo toujou ap rizibye m epi kèk fwa tchwipe m, lè m di yo se syans edikasyon m ap etidye paske yo wè sa pa gen valè. Tout bagay sa yo fè m rive konprann, tout moun nan peyi sa se zafè yo sèlman y ap regle. Se gwo tit, woule bèl machin, boule lajan peyi a pou granmesi epi fè wè sèlman. Men, malgre tout bagay sa yo te ban m anpil panik, sa pa t ka rive brannen m paske konviksyon m te pi fò pase tout sa moun t ap di.

Aprè m te fin gradye, mwen te gen opòtinite patisipe nan yon pwosesis rekritman kote m te rive okipe plas direktè nan yon lekòl, Okap. Lè m te resevwa nouvèl se mwen ki pral direktè lekòl sa a, mwen te gen anpil lajwa nan kè m paske mwen te wè se gwo jou opòtinite pa m nan pou m te ka kòmanse fè gwo rèv mwen te genyen an tanmen wout li. Men malerezman, lè m te rive nan reyalite a, jan m te panse bagay yo ta pral ye a, yo te nètman diferan paske vizyon pa m nan pa t sou menm liy ak administrasyon lekòl la. Vizyon pa m nan sete ofri yon edikasyon wot kalite ak tout aprenan ki te lekòl la alòske administrasyon lekòl la te plis anvizaje pati ekonomik lan; olye yo rekrite pwofesè ki kalifye yo te prefere pran sila yo ki te mwens kalifye jis pou yo te peye mwens epi tout rès kòb la vin nan pòch yo. Bagay sa a te mete m nan yon sitiyasyon feblès paske lanp mwen ki t ap limen an t ap bat pou l limen yon pakèt lòt ki, malerezman, te san gaz.

Mwen te gen kèk zanmi ki te toujou ap pale m de Anseye Pou Ayiti, de vizyon mouvman sa a genyen. Puiske pwovèb la di : « Se moun ki sanble ki rasanble », mwen te santi se yon opòtinite l ap ye pou mwen si m ta fè pati mouvman sa
a. Mwen te aplike. Aprè mwen te fin pase kat etap nan pwosesis rekritman an, mwen te gen opòtinite seleksyone kòm manm kowòt 2017.

Pandan peryòd 2 zan mwen nan APA, mwen swiv anpil fòmasyon sou lidèchip tranfòmasyonèl ak pedagoji aktif ki pèmèt mwen gen plis konesans nan domèn edikasyon epi ki ban m plis fòs tou, pou m toujou kwè yon lòt Ayiti posib. Nan sans sa a, nan kominote kote m ap travay kèk lòt anseyan gen abitid ban m yon ti non gate “Dènye lè’’ paske mwen se yon anseyan ki toujou itilize kèk minit anplis aprè klas pou m bay aprenan yo plis enfòmasyon k ap itil yo nan lavi. Ak fòmasyon sou lidèchip mwen swiv nan APA, mwen vin devlope anpil kapasite pou etabli bon jan relasyon ak lòt anseyan ki nan lekòl la epi m menm rive ede yo nan bay yo bon jan konsèy sou pedagoji aktif ki ede yo amelyore fason yo te konn anseye epi yo rive bay pi bon rezilta pase sa yo te konn bay.

APA, nou dwe kontinye fè plis efò pou pèmèt flanbo a pote plis limyè chak jou pou chase tenèb ki blayi nan milye riral yo nan pote bon jan ledikasyon bay tout timoun. Menm jan gen anpil moun k ap panse mal epi poze move aksyon pou rann peyi sa pi mal chak jou, nou dwe fè plis efò pou n panse pi byen epi toujou poze bon aksyon pou van chanjman sa a nou tout espere a ka rive soufle sou peyi nou tout bon vre.

Eksperyans nan domèn agrikilti montre sa yon nonm plante nan kè latè, se sa li va rekòlte. Enben, mwen vle di tout Ayisyen konsekan ki kwè menm jan avèk mwen yon lòt Ayiti posib, vin pote kolaborasyon pa w nan gwo mouvman sa a pou n transfòme sistèm edikatif la. Konsa, nan 20 pou rive 25 lane, n ap gen yon lòt jenerasyon k ap gen yon lòt mantalite epi k ap kwè si gen yon gwo chanjman ki pou fèt pou peyi a se nou menm kòm pèp k ap kapab fè l. Se pou sa m ankouraje nou vini ! Vini ! Vini aplike! Pou yon lòt jenerasyon, pou Elèv yo, pou Peyi nou.