chevron carousel-svg hamburger close
Yon vokasyon

Mwen pa vle di mwen te chwazi vin yon anseyan, men kite m di pito metye anseyan te chwazi m. Depi m te tou piti, mwen te konn abitye anseye san m pat rann mwen kont. Nan kominote kote m tap viv la, mwen te pran responsabilite pou bay tout timoun parèy mwen yo leson.

Mwen sonje lè m te gen 11 lane, mwen te nan klas 6èm ane fondamantal, mwen te kòm yon dezyèm pwofesè nan sal klas mwen. Mwen pat twò byen grandi, sa te koz anseyan an te konn mete yon ti chèz pou m ka monte pou fè wotè tablo a lè m ap ekri ak lè m ap eksplike yon bagay. Plis m ap grandi, se plis m ap devlope lanmou pou metye a.

Mwen vin antre fòmèlman nan ansèyman nan lane 2011, depi lè sa a m ap travay nan klas. Mwen paka di yon fwa m te regrèt paske m te anseyan. Li toujou difisil lè yon moun vle antre nan domèn sa a, paske se yon metye anpil moun pa byen wè, se sak koz gen moun ki ap egzèsel tankou se yon tan y ap pase, oswa yo kenbe sa a pandan y ap tann metye ideyal la. Men pou mwen, se diferan, mwen kapab di san k ap koule nan venn mwen se san ansèyman.

Menm jan m sot pale de lanmou mwen te toujou genyen pou metye a, menm jan an tou gen kèk bagay mwen te manke. Se vre mwen se nòmalyèn, men gen plis pase sa m te dwe genyen pou m te ka plis pèfòman nan travay mwen. Avèk anpil jwa, mwen te vin tande pale de Anseye Pou Ayiti. Mwen te chèche konprann misyon ak vizyon li, mwen vin wè gen espwa pou Ayiti chanje, e chanjman an pap kòmanse lòt kote pase nan edikasyon.

Mwen te chwazi aplike paske m konsyan m dwe pote kole pou chanjman an, mwen te rive fè pati kowòt 2016. Aprè Imèsyon Ete a, ki se 4 semèn fòmasyon nou te resevwa nan mwa dawout avan ouvèti ane eskolè a, mwen resevwa yon transfòmasyon total. Se kòm si se ta pral premye eksperyans mwen nan sal klas. Mwen vin gen nesesite pou m renmen aprenan m yo. Mwen trete yo ak anpil respè e ak diyite, yo vin konsidere m kòm yon vrè manman pou yo.

Mwen pa gen mo pou m ta rakonte kòman vin gen yon atmosfè pozitif nan klas mwen. Aprenan m yo santi yo an sekirite epi yo fè m konfyans, yo pa pè patisipe paske mwen bay travay yo anpil valè. Mwen vin rann mwen kont reyèlman, timoun pa aprann nan men moun li pa renmen. Lè m ap konpare rezilta m te konn jwenn nan tan pase yo ak sa kounyea yo, mwen kapab di wi gen bon jan amelyorasyon, e map kontinye efòse m pou tout timoun nan peyi m jwenn bon jan kalite edikasyon. Map kontinye travay pou elèv yo, e pou peyi nou.