chevron carousel-svg hamburger close

Mèsi anpil pou enterè w nan mouvman Anseye Pou Ayiti. Pou peryòd rekritman 2023, itilize fòmilè sa a pou resevwa plis enfòmasyon sou aplikasyon fòmèl lan.

Telechaje dokiman sa a (PDF) pou plis enfòmasyon sou pwogram Anseye
Pou Ayiti nou yo – pwogram anseyan-lidè, pwogram paran-lidè, pwogram direktè lekòl.

ANSEYE POU AYITI: KOMINIKASYON ENTERE 2023

ETAP #1 (genyen 2 pati pou konplete aplikasyon w pou Anseye Pou Ayiti -- w ap resevwa dezyèm pati a sou imèl ou, aprè ou fin soumèt fòm sa a, avèk yon lyen pou konplete aplikasyon fòmèl la):

 

Fòm sa a fèt pou tout moun ki vle kominike enterè yo pou fè pati yon kowòt nan Anseye Pou Ayiti pou lane 2023 a kòm Anseyan-Lidè, Direktè-Lidè oubyen Paran-Lidè. Mèsi paske ou pral aprann plis sou misyon, apwòch ak kritè pou kandida ki vle aplike sou sit entènèt nou an: https://rebrand.ly/APAkesyon


Ranpli epi soumèt fòm kominikasyon enterè sa a si w kalifye epi enterese ak objektif, valè yo ak misyon mouvman APA. Answit, w ap jwenn yon lyen oubyen yon aplikasyon sou papye pou konplete aplikasyon fòmèl la. (Si w vle vin Anseyan-Lidè, Paran-Lidè, Direktè-Lidè w ap resevwa yon lyen par imèl kidonk fòk ou pataje yon adrès imèl pèsonèl nan anrejistreman sa a. N.B. 2 moun ki marye, frè ak sè, 2 manm menm fanmi pa elijib pou aplike pou pwogram nan.


Ansanm nou fò! 

(Kesyon? Kontakte 4895-4508 / 4237-8260 / application@anseyepouayiti.org)






Informations de contact