“Mwen pare pou m travay kòm anseyan-lidè paske mwen vle kontribye nan devlopman peyi m avèk bon jan edikasyon pou tout timoun. Se konsa n ap resi jwenn yon pi bon demen.”
Alnord
Fils
Mibalè
“Nou bezwen APA epi mwen pare pou m travay kòm anseyan-lidè paske n ap vize ekselans ansanm.”
Amose
Michel
Mibalè
“Mwen prè pou m vini yon anseyan-lidè paske mwen vle patisipe nan chanjman sistèm edikasyon an.”
Anouce
Daimy
Boukan Kare
“Mwen vle patisipe nan mouvman APA a paske n ap ogmante rezilta nan sistèm edikasyon an ann Ayiti. N ap mete anvalè tout konesans, konpetans, mantalite nesesè.”
Bernard
Seide
Mibalè
“Gen yon degradasyon nan sistèm edikasyon an e mwen renmen vizyon APA genyen pou lavni peyi a.”
Chrislene
Gedela
Gwomòn
“Mwen kanpe avèk APA paske mwen renmen peyi m, mwen renmen edikasyon epi mwen renmen travay APA ap fè pou fòme yon rezo anseyan-lidè pou amelyore sistèm edikasyon ann Ayiti.”
Clairdange
Prenelus
Gonayiv
“Mwen vle patisipe nan transfòmasyon edikasyon ann Ayiti epi sèvi peyi m ak diyite.”
Colson
Jean
Gonayiv
“Misyon APA a enpòtan paske l ap pèmèt Ayisyen epanouyi kòm sitwayen k ap pwodwi pou byennèt kominote a, nasyon an, mond lan, epi pou epanouyisman pa m tou ak fanmi m.”
Darline
Axil
Gonayiv
“APA vize bon jan edikasyon pou tout timoun. Nou kwè nan yon chanjman avèk anseyan konpetan e vizyonè.”
Emmanuel
Alexandre
Gwomòn
“Mwen vle pote kontribisyon m nan gaye yon bon jan ansèyman ak anpil valè pou jèn nou yo ka konprann yo se kle pou avansman peyi nou atravè bon jan edikasyon.”
Gemima
Preval
Gonayiv
“Mwen pare pou m travay kòm yon anseyan-lidè paske mwen renmen peyi m epi mwen vle bay kontribisyon pa m pou devlopman peyi a.”
Gestin
Ulysse
Gonayiv
“Mison APA a enpòtan paske l ap lite pou tout moun ann Ayiti jwenn menm kalite edikasyon. Mwen vle patisipe nan chanjman mantalite ayisyen an avèk yon lòt sistèm edikasyon.”
Gregory
Pierre
Gonayiv
“Misyon APA a enpòtan paske li vize yon transfòmasyon nan sistèm edikatif la pou libere konesans tout elèv.”
Hoates
Inson
Gonayiv
“Mwen pare pou travay kòm anseyan-lidè paske mwen vle patisipe nan chanjman sistèm edikasyon ann Ayiti pou tout timoun jwenn bon jan edikasyon yo merite.”
Jean
Gardy
Mibalè
“Kòm sitwayen ayisyen, mwen vle sistèm edikasyon an transfòme. Mwen ta renmen pou m patisipe nan transfòmasyon sa a – se yon devwa.”
Jean
Wesly
Mibalè
“Misyon APA a enpòtan paske yon chanjman nan systèm edikasyon ayisyen an ka pote siksè ak espwa pou anpil paran ak elèv nan sosyete a.”
Jonathan
Almonord
Gonayiv
“Mwen renmen epi pataje vizyon APA a. Nou ka remanbre sistèm edikasyon nou an epi m ap kontribye kòm anseyan-lidè.”
Joselie
Jean
Mibalè
“Mwen pare pou mwen kolabore nan inovasyon sistèm edikasyon an avèk APA. Mwen vle ede Ayiti avanse. N ap reyisi nan yon pi bon sistèm edikasyon.”
Josue
Charles
Gonayiv
“Fòk nou repanse ansèyman an ann Ayiti. Mwen vle travay kòm yon anseyan-lidè pou m ede chanje reyalite peyi nou avèk ansèyman pratik e pozitif.”
Kesnel
Decius
Gonayiv
“Poukisa tout elèv ann Ayiti pa ka jwenn bon jan edikasyon? Mwen te toujou reve kijan pou m kontribye nan refòm sistèm edikasyon an. Kouneya m ap kontribye kòm yon anseyan-lidè.”
Markenson
Petit
Mibalè
“Mwen vle patisipe nan mouvman APA paske l ap ede m pou m vin yon anseyan konpetan. Mwen vle aprann epi retransmèt tout konesans ak konpetans m ap jwenn pou kontribye nan devlopman peyi m.”
Nadege
Blanchard
Mibalè
“APA ap fòme anseyan-lidè pou yo vini yon modèl nan sistèm edikasyon an ann Ayiti. Mwen vle patisipe nan devlopman peyi m, devlopman peyi a pap soti lòt kote ke nan bon jan edikasyon pou tout timoun yo.”
Naichka
Leonard
Gonayiv
“Mwen kanpe avèk APA paske mwen vle pote kontribisyon m nan edikasyon bon jan kalite APA ap asire a avèk yon nouvo jenerasyon anseyan-lidè.”
Navare
Guerline
Ench
“Misyon APA a enpòtan paske li vize yon chanjman nan sistèm edikasyon ayisyen an avèk yon nouvèl jenerasyon. Ansanm, n ap chèche yon lòt rezilta edikatif.”
Rahab
Germinal
Mibalè
“Mwen kanpe avèk APA kòm anseyan-lidè paske mwen dakò epi mwen bezwen pote kole nan devlopman edikasyon peyi m.”
Rolf
Phanel
Ench
“Mwen kanpe avèk APA kòm yon anseyan-lidè paske li nesesè pou tout timoun gen lidè ki pou gide yo. Si m pa yon lidè, m pap ka fòme lidè.”
Rosana
Mareus
Gwomòn
“Misyon APA a enpòtan paske l ap fòme anseyan-lidè pou bay bon jan fòmasyon. N ap devlope yon nouvo jenerasyon pou vin nouvo lidè nan peyi a e pou sistèm edikasyon an.”
Welky
Mede
Mibalè
“Mwen pare pou travay kòm yon anseyan-lidè paske mwen vle mete anvalè konpetans ak konesans. Mwen renmen peyi m epi mwen kwè mwen se youn nan pilye k ap gen pou devlope peyi a avèk sistèm edikasyon an.”
Wendel
Dorsainvil
Mibalè
“Mwen pare pou m bay kontribisyon m – tout dezi m se pou m fòme timoun. San fòmasyon nou pap gen yon bon sosyete.”
Wilkenson
Innocent
Gwomòn
“Ayiti bezwen yon lòt sistèm edikasyon. Mwen te toujou swete pote kontribisyon pa m pou chanje sistèm edikasyon tradisyonèl la k ap detwi ansanm valè nou ta dwe genyen nan peyi nou.”
Withlande
Gerbier
Ench
“Misyon APA a enpòtan paske li vize yon chanjman nan sistèm edikasyon ann Ayiti, ki vrèman medyòk. Ayiti kapab e li pral rive avèk bon rezilta nan edikasyon.”