“Mwen pare pou m vini yon anseyan-lidè paske m vle fè pwomosyon pou sistèm edikatif nou an epi amelyore tèt mwen antan ke anseyan de kalite.”
Alphonse
Pierre
Mibalè
“Misyon Anseye Pou Ayiti a enpòtan paske l ap goumen pou yon edikasyon sèn, pou gen yon amelyorasyon nan edikasyon espesyalman nan zòn defavorize yo kote edikasyon pa gen gwo enpòtans.”
Bernard
Angelot
Gonayiv
“Misyon Anseye Pou Ayiti enpòtan paske li baze sou konpetans anseyan yo pou ede yo amelyore pou kapab gen anpil timoun ki reyisi tout patou tout kote.”
Camille
Julio
Mibalè
“Mwen pare pou m vin yon anseyan-lidè paske mwen vle enplike m davantaj nan transfòmasyon kominote m epi ankouraje yon edikasyon de kalite ak devlopman an favè tout timoun an Ayiti.”
Castellan
Samedson
Gonayiv
“Mwen pare pou m vin yon anseyan-lidè paske mwen pasyone pou m pote sipò mwen nan amelyorasyon sistèm edikatif ayisyen an.”
Contraire
Raymond
Mibalè
“Mwen vle vin yon anseyan de kalite paske mwen renmen anseye e mwen kwè chanjman sa a ap posib gras ak kolaborasyon m ap pote bay ak mouvman sa.”
Dolcin
Theodore
Ench
“Mwen pare pou m vin yon anseyan-lidè paske mwen vle yon transfòmasyon nan sistèm edikatif la ann Ayiti pou peyi a devlope.”
Dor
Mukens
Gwomòn
“Mwen pare pou vini yon anseyan-lidè paske mwen vle pote sipò mwen nan gwo batay sa APA angaje li.”
Dorcely
Kerril
Gonayiv
“Misyon Anseye Pou Ayiti enpòtan paske l ap kontribye a reyisit elèv y ak fòmasyon anseyan.”
Dorneval
Robinson
Gonayiv
“Kòm anseyan, mwen vle bay patisipasyon m nan yon bon edikasyon ki egal pou tout moun.”
Francique
Alindade
Gonayiv
“Misyon Anseye Pou Ayiti a enpòtan paske l ap vini pote chanjman nan sistèm edikatif ayisyen an ni pou anseyan ni pou elèv yo.”
Gabriel
Angelo
Mibalè
“Missyon APA enpòtan paske se yon travay ki jis e ki nòb, paske edike yon pèp se redwi delenkans jivenil pou Ayiti ka pouse pi devan gras a edikasyon.”
Guerisma
Eliotte
Gonayiv
“Mwen pare pou m vin yon anseyan-lidè paske mwen vle patisipe nan devlopman peyi m pa mwayen edikasyon.”
Guillaume
Jeancelot
Mibalè
“Mwen vle vin yon anseyan de kalite paske m enfliyanse pa mouvman Anseye Pou Ayiti a epi kòm mwen deja yon lidè mwen vle pote kontribisyon nan ede peyi m.”
Innocent
Bentia
Gonayiv
“Mwen pare pou m vin yon anseyan-lidè paske a travè tout fòmasyon APA ap bay, m ap kapab mete konpetans mwen nan sèvis aprenan yo pou yo kapab vini lidè tout bon.”
Jean
Frantz
Mibalè
“Misyon Anseye Pou Ayiti a enpòtan paske li vize yon chanjman reyèl nan peyi nou pandan l ap priyorize bay menm chans pou tout timoun reyisi.”
Jean
Lucita
Gwomòn
“Mwen pare pou m vin yon anseyan-lidè paske mwen wè nan anseyan-lidè yon chanjman nòmal ni pou li, ni pou elèv yo. Mwen vle pote kole pou m ka pi djanm ak APA.”
Jean
Paul
Gonayiv
“Misyon Anseye Pou Ayiti a enpòtan paske li vize transfòme yon kominote pou yon demen miyò paske jèn nou yo ap gen aksè ak bon jan edikasyon.”
Jean
Phabiana
Gonayiv
“Mwen pare pou m vini yon anseyan-lidè pou m ka patisipe nan chanjman ak devlopman peyi m pou aprenan-lidè yo konn vale peyi a, kilti nou ak koutim nou yo.”
Joachim
Jackson
Mibalè
“Misyon Anseye Pou Ayiti a enpòtan paske li vize ranfòse sistèm edikatif ayisyen pandan l ap ede li devlope potansyèl li pou l ka itil tèt li, zòn li e rive chanje peyi li.”
Joseph
Ruth
Mibalè
“Mwen pare pou m vin yon anseyan-lidè paske mwen vle pou tout timoun defavorize yo gen menm kalite edikasyon ak tout lòt timoun yo san okenn limit.”
Laine
Makenson
Mibalè
“Mwen pare pou m vin yon anseyan-lidè paske m konsyan gen pwoblèm edikasyon ann Ayiti. Kòm yon sitwayen, mwen vle kontribye ak mouvman APA pou fòme nouvo lidè pou peyi a.”
Lamarre
Julnor
Mibalè
“Mwen pare pou vini yon anseyan-lidè paske mwen kwè mwen kapab kontribye nan yon transfòmasyon sosyal, ak bon jan edikasyon de baz kote tout timoun ap gen menm chans pou yo reyisi.”
Laurency
Paul
Mibalè
“Mwen pare pou m vin yon anseyan-lidè paske antan ke Ayisyen se yon devwa pou m kontribye nan tout inisyativ ki vize yon chanjman dirab pou yon nouvèl Ayiti.”
Medina
Emmano
Gonayiv
“Mwen pare pou m vin yon anseyan-lidè paske m ta renmen kontribye nan chanjman APA ap pwone a ki pral fè peyi nou an soti nan abim li ye la.”
Michel
Jonathan
Gonayiv
“Mwen vle vin yon anseyan-lidè paske mwen ta renmen kontribye ak tout fòs mwen nan kite yon eritaj de kalite pou aprenan m yo, peyi mwen ak kominote m.”
Oxilas
Esther
Gonayiv
“Mwen pare pou m vin yon anseyan-lidè de kalite k ap fòme aprenan-lidè k ap vin kontribye nan chanjman peyi a.”
Pharelus
Camiel
Gonayiv
“Mwen pare pou m vin yon anseyan-lidè paske m santi m konsène nan degradasyon sistèm edikatif nou an.”
Pierre
Bendjimy
Mibalè
“Mwen pare pou vini yon anseyan-lidè paske m ta renmen patisipe nan chanjman peyi mwen e kite yon eritaj nòb pou Ayiti.”
Pierre
Jean
Gonayiv
“Mwen pare pou m vini yon anseyan-lidè paske mwen vle pote apwi mwen pou jenerasyon k ap vini kapab resevwa bon jan edikasyon.”
Pierre
Jodelin
Gonayiv
“Misyon Anseye Pou Ayiti a enpòtan paske li gen pou objektif chanje mantalite timoun yo k ap viv nan milye defavorize yo pou yo kapab vin lidè k ap transfòme peyi yo.”
Pierre-Jules
Bensy
Gwomòn
“Mwen pran angajman sa pou nou transfòme lavi elèv yo, pou nou transfòme peyi nou.”
Saint-Hilaire
Junette
Gonayiv
“Misyon Anseye Pou Ayiti a enpòtan paske l ap ede anseyan yo vin lidè atravè fòmasyon l ap bay ki pral kontribye ak yon nouvèl edikasyon pou timoun yo.”
Seus
Seresse
Gwomòn
“Mwen pare pou m vini yon anseyan-lidè paske mwen kwè ansèyman kapab pote transfòmasyon pandan n ap pwone bon jan edikasyon k ap pote chanjman ak inovasyon.”
Sineus
Mesilien
Mibalè
“Mwen pare pou m vini yon anseyan-lidè paske misyon APA menm ak rèv mwen te genyen pou wè tout timoun, nenpòt kote yo ye nan peyi a, jwenn bon jan edikasyon pou yo ka itil peyi a demen.”
Sylvain
Erick
Gwomòn
“Mwen pare pou m vini yon anseyan-lidè paske m yon sitwayen peyi m ki vle pote kontribisyon pa m nan devlopman peyi m sou plan edikatif.”
Tanis
Guy-Max
Ench
“Mwen vle vin yon anseyan modèl, yon vrè lidè ki konnen e k ap pwone yon meyè kalite edikasyon pou tout moun.”
Tibe
Sages
Mibalè
“Mwen pare pou m vin yon anseyan-lidè paske m vle pote kontribisyon pa m nan pwosesis chanjman sa e devlope kominote mwen.”