chevron carousel-svg hamburger close
Enplikasyon paran-lidè nan zafè lekòl

Se kominote a ki di ki byen yo ta renmen wè pou timoun yo, ki mòd moun li ta renmen ti moun yo vin ye demen.

Depi lontan jouk jounen jodi a, nan tout peyi, nan tout sosyete, premye kote ti moun resevwa edikasyon se nan fanmi li. Se anba zye tout gran moun lakay li li grandi, li devlope pou tounen yon jenn gason oswa yon jenn fanm. Se la li aprann tout prensip ki bon pou devlopman kò li ak lespri li. Se la li jwenn posiblite pou li fòje pèsonalite li, karaktè l, santiman moral ak espirityèl ki nesesè pou l al viv nan sosyete a demen. Se paran l k ap ba l egzanp diyite ak sans responsablite pou l kapab travay, okipe fanmi pa li. Se nan mitan paran l ak nan gwoup sosyal ti moun aprann fè diferans ant sa ki bon ak sa ki pa bon. Tout fanmi ki rete nan yon zòn fòme yon kominote. Se kominote a ki di ki byen yo ta renmen wè pou timoun yo, ki mòd moun li ta renmen ti moun yo vin ye demen.

Depi paran timoun yo kòmanse kite lakay yo bonè pou yo ale travay byen lwen, enpe nan wòl edikasyon sa a vin chape nan men yo epi tonbe sou do lekòl. Anseyan-lidè yo vin oblije jwe wòl paran tou. Sosyete a ba yo dwa pou gide edikasyon timoun yo. Lekòl pran timoun yo pandan yon bon tan nan divès fanmi nan sosyete a. Yo gen misyon pou bay yo tout menm edikasyon daprè sa sosyete a mande. Yo la pou yo remèt sosyete a sitwayen djanm ak moun kòrèk ki pou ede l viv nan lapè, ak byennèt.

Jounen jodi a, pèsòn pa vrèman kontan. Kominote a di : « Lekòl fini, nou pa rekonèt kalite moun l ap remèt nou. » Majorite lekòl menm di : « Paran demisyone, nou pa rekonèt kalite moun y ap voye ba nou. Oswa, paran yo kite tout chay la pou nou, yo pa ede nou fè travay la. »

Se sa ki fè paran yo dwe chita ak lekòl yo pou yo wè kisa yo chak ap atann youn de lòt epi kijan youn ka ede lòt rive nan rezilta y ap chache a.
Daprè John Dewey, kèlkeswa peyi a, tout sosyete, tout paran toujou vize twa rezilta pou ti moun yo :

1. Devlope tout kapasite oswa tout konesans timoun yo genyen depi yo fèt:

• devlope kò yo, sèvi byen ak tout posibilite kò yo ;

• devlope lespri, memwa, jijman ;

• devlope tout talan, kreyativite ak espirityalite.

2. Transmèt kilti sosyete kote y ap viv la :

• Transmèt timoun yo sa yo konnen, sa yo konn fè, jan yo konn fè pou yo ka viv nan peyi a, nan sosyete a ;

• Transmèt yo lang yo pale, jan yo pale l, sa yo kwè, sa yo abitye fè, jan yo wè lavi a, jan yo wè lemonn.

3. Devlope kapasite yo pou yo fonksyone byen kòm manm aktif sosyete a :

• Patisipe nan aktivite k ap fèt nan fanmi an, nan kominote yo;

• Fè aktivite ki pou prepare yo pou wòl yo va gen pou yo jwe antan y ap grandi kòm manm sosyete a, manm yon fanmi, sitwayen peyi a;

• Aprann pwodwi byen ak sèvis yo bezwen ak sa lòt moun ka bezwen;

• Aprann kijan pou sèvi an bon konsomatè ak byen ak sèvis ki egziste nan sosyete a.

Apati de rezilta sa yo, paran-lidè yo ka ede lekòl nan zafè edikasyon timoun yo, pandan y ap patisipe nan travay lekòl la ap fè. Y ap fè sa nan : chèche enfòme sou jan lekòl la wè edikasyon ; rankontre ak anseyan-lidè a souvan pou yo mande kijan ti moun yo ap vanse ; enterese mande aprenan-lidè yo chak jou kisa yo te aprann ; ale nan reyinyon paran lè lekòl la voye envite yo ; chèche konnen ki sa lekòl la bezwen ; pran kontak ak lòt paran- lidè pou suiv pwogrè aprenan-lidè yo ap fè ; ofri sèvis yo lè lekòl la ap fè yon aktivite ; chita ansanm ak lòt paran-lidè yo, ak direksyon lekòl la pou fòme yon asosyasyon paran-lidè, elatriye.

Konsa, lekòl ap chita sou vrè baz li ki se twa (3) wòch dife sa yo : « Direksyon lekòl ak Anseyan-lidè yo, Paran-lidè ak Manm Kominote yo e Ministè edikasyon ak tout lòt Aktè yo. » Lè sa a, nou va genyen yon pi bon rezilta swivan atant nou.