Misyon anseyan-lidè yo se pou al transfòme aprenan-lidè yo. Men pou sa fèt anseyan-lidè yo dwe resevwa bon jan fòmasyon akse sou disiplin pozitif nan lide pou pèmèt aprenan yo benefisye sa yo merite.
Kisa pedagoji aktiv la ye ? Pedagoji aktiv la se yon apwòch ki pèmèt nou pa konsidere aprenan yo tankou yon resipyan pou n ranpli men pito tankou yon dife n ap limen. Nan apwòch tradisyonèl la, se te transmisyon savwa ki te priyorize, men ak apwòch pedagoji aktiv la olye nou di transmisyon savwa nou di pito konstwiksyon savwa. Ak apwòch sa a, anseyan yo mete aprenan yo nan yon anbyans kote yo konstwi pwòp konesans yo, fè bon jan dekouvèt sou sa yo dwe aprann. Anseyan an sèlman prezan kòm yon gid, yon fasilitatè, yon ankadrè men - pa tankou yon chèf.
Ak apwòch pedagoji aktiv la, ansèyman an fèt ak lanmou. Anseyan yo valorize aspè afektif la. Yonn nan diferans ki genyen ant apwòch tradisyonèl la ak apwòch modèn sa a ki se pedagoji aktiv, se reyaksyon anseyan yo pa rapò ak aksyon aprenan yo. Lè aprenan yo fè yon dezòd anseyan an pa remèt li monnen pyès li, men pito li ba l yon konsekans lojik. Konsekans lojik sa a reprezante reyaksyon anseyan an pa rapò ak move konpòtman aprenan yo esa ap pèmèt aprenan yo kontinye aprann menm si l ap sibi yon konsekans. Ak apwòch pedagoji aktiv la se zewo (0) chatiman kòporèl, rigwaz pa taye banda nan sal klas. Aprenan yo santi yo konfòtab pou yo aprann nan yon klima pwopis pou aprantisaj la.
Nou ankouraje tout anseyan itilize apwòch sa a, chèche konprann li pou aprenan yo kapab benefisye bon jan kalite ledikasyon nou tout swete a. Se bon jan fòmasyon aprenan yo pral resevwa ki pral pèmèt nou abouti ak yon seri kominote modèl nan tout peyi a.
Ann kontinye fòme, enflyanse e fè enpak pou n chanje peyi nou paske aprenan yo se senbòl chanjman Ayiti reve a. Pou elèv yo, pou peyi nou.
Genson Mayot, Sitwayen-Lidè APA