chevron carousel-svg hamburger close
Rete kou a: yon gade dèyè nan 2022 ak CEO Anseye Pou Ayiti

1. Si w te gen pou chwazi yon mo pou dekri ane 2022 a pou Anseye Pou Ayiti, ki mo li t ap ye epi poukisa?

Mwen t ap chwazi mo "fondasyon". Mo a reprezante de (2) aspè nan ane 2022 ki sot pase a pou APA. Premyeman, akoz twoub an Ayiti a, nou te sonje jan li te enpòtan pou nou bati sou fondasyon ane ki te pase yo – pandan nou te asire nou itilize pwen fò nou te genyen malgre moman ensètitid nou ap viv jounen jodi a. Nou fè sa ki esansyèl pou APA, nou fè sa ki nesesè yon fason pou aprenan ak kominote nou yo resevwa sa yo merite. Dezyèmman, nou bati yon fondasyon pou kwasans nou ofiyamezi nou ap ranfòse travay n ap fè nan kominote riral yo.

2. Kijan òganizasyon an te pwogrese an 2022 epi ki pi gwo bagay li reyalize pou ane a?

Pi gwo bagay nou te reyalize a rete santre sou reyisit aprenan yo. Rezo sitwayen-lidè ayisyen nou an te reyini depi nan kòmansman mouvman nou an yon fason pou tout timoun yo jwi dwa yo genyen antanke moun pou yo jwenn yon edikasyon bon kalite. Nou te kontinye fè sa pandan ane 2022 a malgre difikilte politik ak ekonomik ki te genyen Ayiti. Kounye a, nou rive touche plis pase 16,000 aprenan. Aprenan nou yo entèlijan, epi nou te kontan anpil lè nou te konstate mwayèn to reyisit la ki se 79% nan salklas anseyan-lidè nou yo (plis pase doub mwayèn nasyonal la ki se 30% nan lekòl primè yo) menm lè te gen briganday ak ensètitid.

Pou konplete sa, mwen rekonesan pou travay nou fè pandan ane 2022 a pou nou ogmante sipò sosyo-emosyonèl nan kourikoulòm nou an ak patenarya nan lekòl nou yo. Se yon fason pou aprenan, anseyan, fanmi nou yo pa non sèlman reyisi, men tou pou yo byen toutbonvre. 

Nan APA, nou kwè nan aksyon ki fèt nan tèt ansanm, nan konbit, nan kole zepòl. Mwen rekonesan poutèt solidarite avèk lòt moun yo te ogmante pandan ane 2022 a, pa egzanp:

• Nou te elaji kòwòt paran-lidè ak direktè-lidè yo nan Ench ak Gwo Mòn. 

• Nou te fè nouvo patenarya avèk Digital Promise pou nou entegre teknoloji nan ansèyman ak aprantisaj. 

• Patenarya nou te fè avèk Ministè Edikasyon an vin pi sere. Kounye a, nou akredite nèt pou nou fè fòmasyon an Ayiti epi nou gen 10 anbasadè ansyen aprenan APA k ap travay antanke kotch avèk Ministè a.

• Nou reyini plis pase 500 manm kominote a nan konbit ki fèt nan kominote nou yo pou nou rezoud pwoblèm edikasyon an ansanm.

3. Èske ou kapab rekonte yon istwa espesifik sou fason APA te fè enpak dirèkteman sou lavi yon timoun oswa yon kominote an Ayiti?

Gen plizyè istwa ki vini nan tèt mwen, donk li difisil pou mwen chwazi youn. Men, mwen panse Mibalè se yon egzanp solid pou montre sa nou vle di lè nou di envesti nan "prèv kominotè" yo. Nivo aksyon kwaze, kolaborasyon, ak aksyon nan tèt ansanm nan Mibalè a te vrèman san parèy ane pase. 

Anseyan-lidè, direktè-lidè, ak paran-lidè yo nan Mibalè te reyini pou yo relouvri lekòl yo pi vit yo kapab malgre latwoublay ki te genyen. Tèlman moun te enterese nan konbit nou yo – epi te gen twòp moun pou nou mete nan yon sèl espas – te gen yon jou kote 3 konbit te fèt an menm tan nan plizyè rejyon nan kominote Mibalè a. Epi menm gen egzanp sitwayen-lidè nou yo ki pran inisyativ pou montre sa kwazman edikasyon avèk lòt domèn vle di – tankou aktivis anviwònmantal, aprantisaj enfòmatik, sekirite alimantè, antreprenarya, yon fason pou gen jistis ak ekite nan tout kominote a. Mwen enpresyone ak tout sa yon pèp, yon kominote, yon peyi kapab fè lè yo mete objektif yo genyen yo an premye.

4. Nou pa kapab inyore reyalite twoub politik Ayiti ap fè fas nan moman an. Kijan sa te fè enpak sou travay ou pandan ane ki sot pase a?

2022-2023 a, paske li pa t posib pou yo te louvri pòt lekòl yo pandan mwa septanm 2022 a. San konte gwo enflasyon de (2) chif la ki te fè lavi a, gaz, manje ak kous machin vin chè. Sekirite fizik la se yon pwoblèm tou piske vyolans lan te depase fwontyè zòn vil yo. Pou mwen site kèk nan pwoblèm yo. 

E poutan, nou toujou rete kanpe. Nou fè plis pase sa, nou pouse pi douvan nan APA. Estrateji nou te itilize yo te baze sou fè sa ki te pi enpòtan pou aprenan ak kominote nou yo. Nou pa t kapab fè tout bagay, nou te oblije refize kèk demann, epi nou te oblije ranvwaye kèk aktivite lè te gen pwoblèm sekirite.

Nou te itilize yon apwòch rejyonal pou nou te regle aktivite yo, yon fason pou nou pa t deplase san nesesite. Se yon apwòch ki te enpòtan. Nou te ranfòse pèsonèl nou an, aktivite biwo nou an, ak ekipman nou nan chak nan 2 rejyon nou yo (Latibonit ak Plato Santral). Pou nou reflete aksan nou mete sou sipò sosyo-emosyonèl pou aprenan yo, anseyan yo, ak fanmi yo, nou te fè yon kole zepòl ki pi sere avèk yon ekip sikològ ak travayè sosyal lokal ki pou sipòte pèsonèl nou an. Yon lòt estrateji ki te enpòtan se te pou nou toujou genyen yon plan "B" – e petèt plan C, plan D, plan E – pou chak aktivite nan kominote a. Nou se yon ekip k ap chèche solisyon. 

5. Kisa ane 2023 a ap pote pou Anseye Pou Ayiti? Ki sa w prevwa reyalize pandan ane k ap ane k ap vini yo?

APA nan "faz 3" nan plan estratejik li an ki gen 3 pati pou l kontribye nan liberasyon Ayiti. 2023 se ane nou prevwa fini ak lansman inisyativ ki pral reprezante priyorite nou genyen pou "faz 2" a. Apre nou fin ajoute kòwòt paran-lidè ak kòwòt direktè-lidè yo nan pwogram nou an (depi 2019), kounye a nou anvi lanse yon nouvo pwogram rezidans pou kotch ansanm avèk yon nouvo platfòm done pou nou suiv byennèt onivo kominote a an 2023. Inisyativ sa yo ap konplete sa k ap kontinye nan APA ki gen pou wè ak reyisit aprenan yo, enpak yo fè nan salklas ak nan lekòl la, ansanm avèk rezo sitwayen-lidè nou an k ap travay ansanm nan kominote a. 

Nan 3-5 lane k ap vini yo, se ap yon onè pou nou antre nan 3yèm faz mouvman nou an. Nan 3yèm faz la, APA gen pwojè pou li chanje sistèm nan onivo nasyonal epi pou li enfliyanse transfòmasyon an pou l ka depase fwontyè 5 kominote patnè riral nou yo.

6. Ki mesaj ki pi enpòtan ou ta renmen voye bay sipòtè yo ak pwochen alye yo?

Li toujou enpòtan pou nou solidè. Li toujou enpòtan pou nou goumen pou lajistis. Ayiti te deja trase chemen an nan zafè lajistis, ekite, ak libète – e mwen kwè toutbonvre Ayiti ap fè sa ankò, fwa sa a se atravè yon revolisyon nan sistèm edikasyon nou an. Vin kole zepòl ak nou nan jefò sa a. Si gen kèk nan nou ki pa lib, pa gen okenn nan nou ki lib toutbonvre.