chevron carousel-svg hamburger close
Sipòte agrikilti se ranfòse edikasyon ann Ayiti

Depi mwen tou piti mwen toujou tande yo di Ayiti se yon peyi ki chita sou agrikilti, sa vle di agrikilti a jwe yon wòl enpòtan nan ekonomi peyi a. Mwen vle pataje ak nou byenfè agrilti nan moun mwen ye jodi a. Se kapab menm bagay la pou anpil nan nou k ap li atik sa a.

Mwen fèt nan yon lokalite ki nan komin Fonvèrèt ki rele Gwo cheval, zòn sa a se kote ki bay divès kalite pwodwi moun bezwen pou yo manje. Nou ka site legim yo; chou, kawòt, bètrav, leti pwavon… pòmdetè, mayi, ble, patat ak divès kalite pwa yo (pwa nwa, pwa bè, pwa wouj ak pwa frans). Depi mwen fèt mwen jwenn paran mwen yo ap fè jaden, se ak jaden sa yo paran mwen fè ki pèmèt yo jwenn tout sa yo gen bezwen; tankou peye lekòl nou, achte bèt mete nan patiraj  ak  anpil lòt bagay ankò. Mwen te kòmanse klas primè mwen jis rive nan 4èm ane fondamantal nan zòn lakay mwen. Lè pou mwen ale fè 5èm ane fondamantal, mwen te oblije akonpanye gran sè mwen ki t ap pral fè 7èm ane fondamantal nan Pòtoprens, paske zòn nan pat gen lekòl segondè.

Depi soti nan peryòd sa, jis mwen rive fini ak klas segondè mwen epi antre nan inivèsite, tout depans nèt te chita sou jaden yo. M ap souliye pou m di nou tou, zòn kote mwen fèt la (Gwo Cheval) pa gen rivyè, pa gen tè wouze, tout jaden sa yo se lapli ki toujou wouze yo. Anpil fwa, lapli a tonbe nan lè yo bezwen an, konsa tou gen lè jaden yo pa remèt anyen paske lapli a pa tonbe ditou osinon li tonbe twòp. Tout sa yo se pou mwen rakonte nou ki kantite sakrifis paran mwen yo fè gras ak zafè jaden pou yo rive fè nou konn ekri non nou ak li byen. Mwen pa ka bliye tou gen anpil paran ki konn kòmanse voye timoun yo lekòl epi rekòt yo pa rapòte yo anyen. Sa konn lakoz yo nan gwo difikilte pou yo peye dèt yo, sitiyasyon sa a tou konn oblije paran yo pran desizyon kite timoun sa yo chita lakay pou anpil ane. 

Mwen sonje chak lè gen yon ti vakans, mwen toujou ale an pwovens pou mwen ale ede paran mwen yo travay nan jaden yo, paske mwen konnen san jaden, yo p ap gen lajan pou ede mwen   reyalize anyen. Se poutèt sa, mwen te toujou itilize peryòd vakans yo pou mwen al travay ak papa mwen ki se yon gwo kiltivatè ki kwè nan travay latè pou l okipe fanmi li. Si mwen ka kote mwen ye kounye a se gras ak jaden yo. Sa montre vrèman kòman agrikilti a ka kontribye nan ekonomi peyi a. Men, ki aktè ki dwe ankadre richès sa a ?

Jounen jodi a si ou ta fè yon rechèch sou anpil dirijan politik, sitwayen ki okipe anpil gwo pòs nan sektè prive osinon sektè piblik, w ap jwenn anpil nan yo ki soti nan yon zòn pwovens kote chak lè rekòt la pare yo vann li epi mare lajan byen di anba kòd voye pou yo jere tout sa ki gen rapò ak lekòl.

Sitiyasyon sa m ap dekri la, se sitiyasyon anpil lòt sitwayen ki rive reyisi lavi yo gras ak paran yo k ap travay latè nan yon vil pwovens epi vann sa yo jwenn nan rekòt la mare lajan an, epi voye pou peye lekòl, kay, achte manje, achte liv elatriye.

Men kèk pwoblèm k ap ravaje sektè agrikòl la:

Jodi a sektè agrikòl la ap fè fas ak divès kalite pwoblèm.

Pwodwi ak entran agrikòl yo ki pa disponib.

Lontan, mwen sonje lè mwen te tou piti, mwen te toujou tande leta sibvansyone angrè a pou pèmèt peyizan yo jwenn li nan yon pri abòdab. Konsa, yo pa konn gen twòp difikilte pou yo jwenn angrè a. Nan 10 dènye ane sa yo se gwo chabrak nan sektè prive a k ap jere angrè a. Kòripsyon ki nan aparèy leta a,  koz lè leta jwenn yo fè l kado angrè, yo bay sektè prive jere l, konsa peyizan an pral achte l byen chè, paske sektè prive a vann li ak pri ki bon pou yo.

Pwoblèm mache pou vann pwodwi yo

Yon lòt pwoblèm ankò, se lè peyizan an fin rekòlte li pa ka jwenn yon mache pou l vann rekòt  la. Kèk fwa, yo konn jwenn machann ki pran l nan men yo ak yon ti pri paske wout yo pa bon, machann nan oblije achte l nan yon pri pou l peye transpò epi fè tout lòt depans yo. Sa konn rive peyizan an vann rekòt la epi li paka fin peye dèt li.

Pwoblèm  ensekirite

 Nan dènye tan sa yo, nou gen yon pwoblèm ki rele ensekirite ki layite tout kote nan peyi a. Machann nan konn achte rekòt la epi li pral vann li pou pran benefis la epi pote manman lajan an pou mèt jaden an. Nou gen plizyè mwa la a nan divès zòn pwovens yo, rekòt yo oblije rete gaspiye nan wout osinon nan jaden an paske nèg ak zam bloke divès antre kapital la ki se pi gwo mache yo genyen pou vin vann pwodwi yo.

Pwoblèm  anviwònman

Gen zòn ki pa gen tè wouze, se sou lapli a peyizan yo konte pou yo fè jaden. Men akoz debwazman, gen anpil zòn k ap tann lapli pou yo fè jaden, yo konn pase anpil tan san lapli, sa ki konn koz yo pèdi sezon an.

Pwoblèm migrasyon

Jodi a, anpil nan tè ki te konn bay bon jan rekòt, itilize pou konstwi kay. Rezon an se paske yo pa jwenn mwayen ak akonpayman nan men otorite yo pou yo travay tè yo. Konsa, anpil peyizan oblije vann tè yo epi ale chita nan bouk yo.

Kontwòl ki pa genyen sou mache lokal ak nasyonal

Akoz pa gen kontwòl sou mache a, anpil lòt peyi anvayi mache a ak pwodwi pa yo ki pa toujou gen bon kalite, men ak yon pri ki pi ba pa rapò ak pri nasyonal la. Pwodwi pa nou yo ki pa fèt ak pwodwi chimik oblije rete yo pa ka vann, sa ki souvan dekouraje peyizan yo. 

Konsekans yo

Jodi a akoz anpil peyizan pa jwenn mwayen pou yo travay latè,  fè yo pa jwenn lajan pou peye lekòl timoun yo. Pwoblèm sa a ogmante analfabetizasyon, anpil timoun antre nan zak malonèt ki gen anpil enpak negatif sou sosyete a.

Anpil peyizan vann tè yo andeyò epi vin chita pòtoprens osinon ale nan lòt peyi.

Plis timoun pa gen aksè ak chimen lekòl.

Plis timoun lage nan zak malonnèt

Ensekirite ap kontinye vale tèren.

Ekonomi an kontinye ap pran move kou.

Men kèk pwopozisyon nou fè:

Pou pèmèt ekonomi peyi a ogmante, otorite yo ta dwe :

Ede peyizan yo jwenn zouti ak pwodwi agrikòl pou yo travay.

Fasilite yo jwenn yon mache pou yo vann pwodwi yo.

Garanti sekirite tout moun, espesyalman machann ak chofè machin k ap deplase pou ale vann rekòt yo.

Nan zòn kote ki gen kanal ki mennen dlo nan jaden yo, netwaye yo pou dlo rive nan jaden yo.

Mete sou pye yon pwogram rebwazman pou zòn ki debwaze yo, konsa lapli ap tonbe a tan pou ede zòn ki sèlman gen lapli kòm mwayen pou awoze jaden yo.

Mete bon wout disponib pou fasilite deplasman pwodwi yo soti nan yon zòn pou ale nan yon lòt zòn.

Mwen pataje refleksyon sa ak nou pou mwen montre nou si gen volonte bò kote otorite yo pou akonpanye peyizan yo epi ede yo jwenn bon jan mwayen pou yo wouze tè yo, jwenn semans ak angrè a nan yon pri ki pa twò chè, jwenn bon wout, sekirite ak bon jan mache pou yo vann pwodwi yo ap gen kòb antre nan ekonomi an epi peye lekòl timoun yo. Konsa, n ap ka diminye kantite timoun ki pa ka ale lekòk pou demen se pa yo ki vin ap fè zak delenkans yo. Se konsa nou ka rive pran chimen pwogrè ak devlopman an tout bon vre.