chevron carousel-svg hamburger close
Temwayaj sou koneksyon aprantisaj ak lavi reyèl aprenan yo

Soti jounalis, lisansye nan dwa, pwofesè anglè nan klas segondè nan pòtoprens. Sa pa t janm pase nan lespri m yon jou pou m wè m nan yon sal klas senkyèm ane fondamantal.

Anseye pou Ayiti nan vizyon li genyen pou ekipe yon rezo sitwayen-lidè pou tout timoun rive jwenn bon jan kalite edikasyon nan peyi d Ayiti, rekrite mwen nan ane 2018, aprè 4 etap, pou mwen al travay nan yon sal klas senkyèm ane nan vil Gonayiv, depatman Atibonit, lokalite kafou leksis (institution mixte Emmanuel). Kontèks ak sitiyasyon yo te difisil anpil, paske mwen pa t konn pèsòn nan Gonayiv, men aprè kèk mwa mwen te kòmanse adapte m. Espas lekòl la sitiye a pa t vreman reponn ak pwosesis ansèyman/aprantisaj la, men itilizasyon anpil zouti sou lidèchip transfòmasyonèl, pedagoji aktiv, disiplin pozitif ak lòt ankò te ede m kenbe.

Nan sal klas la mwen te gen yon aprenan ki rele Lovelie FRANCOIS ki te gen gwo difikilte pou l te marye lèt yo ansanm, pwoblèm lekti a te yon blokaj pou li. Aprè m te fin fè konsta sa a, mwen adrese m ak direksyon lekòl la, li fè m konnen aprenan sa a te fè plis pase twa (3) lane li pa t ale lekòl paske l te kite lekòl depi lè li t ap fè katryèm ane akoz maladi, kòm laj li vrèman depase yo oblije kite l fè senkyèm ane a.

Mwen te oblije ba li ti tan apa pou m te retounen nan klas ki pi ba yo jis pou m te ka ede l. Malerezman, ane a fini li pat rive gen nivo pou l te pase nan yon klas siperyè. Direksyon an pwopoze m monte ak pwomosyon an, mwen eksplike l enpòtans ki genyen pou m kontinye ankadre aprenan an. Konsa, nan dezyèm ane pwogram nan, mwen te vin resevwa yon fòmasyon sou rigè akademik ak anpil lòt zouti ki pèmèt mwen vin anseye yon lòt fason. Mwen eseye konekte tout seyans leson yo ak reyalite l ap viv chak jou, mwen marye vizyon li ki se devni yon « enfimyè » ak seyans yo tou. Teknik sa yo, rann seyans yo pi reyèl nan vi l chak jou, konsa aprè chak seyans, li rive fè yon sentèz. Kounye a aprenan an vin yonn nan aprenan ki pi eveye nan sal la sitou nan matematik, syans sosyal, syans eksperimantal.

Finalman, gras ak APA ki se yon mouvman apa, ki rive rekrite pwofesyonèl nan plizyè domèn pou vin mete men nan pat la ak li, pou chak timoun espesyalman timoun ki nan vil pwovens yo, ka jwenn bon jan alite edikasyon. Mwen rive konkli koneksyon aprantisaj la ak lavi reyèl aprenan yo se yon zouti ki konstitye baz reyisit la paske l pèmèt aprenan yo plis motive, plis aktif, plis patisipatif nan konstriksyon aprantisaj la.

Pwoblèm yo la e yo anpil, men solisyon an la e li posib!