chevron carousel-svg hamburger close
Yon Demen Miyò Pou Ayiti: Yon Refleksyon sou 10 Lane Lidèchip Transfòmasyonèl

Anseye Pou Ayiti se yon mouvman ayisyen pou liberasyon toutbon

Sa gen dis (10) lane depi nou te makonnen fòs nou pou nou kreye mouvman Anseye Pou Ayiti (APA) a. Jiskaprezan, nou rive touche plis pase 18,000 aprenan an Ayiti epi nou ogmante to reyisit la rive plis pase de (2) fwa mwayèn nasyonal la.

Enpak la te posib gras ak alye tankou ou, ki te kore APA pou vanse pi douvan epi kwape difikilte nou te kwaze sou tout wout nou. Pwovèb ki di “men anpil, chay pa lou” a enkane lespri tèt ansanm ki fè APA egziste jounen jodi a.

Se pwovèb kreyòl ki enspire rapò sa a, yon fason pou nou mete chapo ba devan moun ki te solidè avèk nou epi ki te pouse nou fè transfòmasyon edikatif nou te vize fè a pandan 10 lane sa yo.

Mwen envite ou pran men mwen pou nou reflechi ansanm sou eksperyans nou te fè, moman nou te pase, ak kominote ki te ede nou kreye yon demen miyò pou timoun Ayiti yo.

Pou fini, mwen espere n ap kontinye pote kole pou nou rive gen yon sistèm edikasyon ki ekitab epi libere Ayiti, pandan n ap rete ini pou nou avanse kòtakòt.