chevron carousel-svg hamburger close
Yon Pwochen Etap nan Ekselans: Enstiti Kotchin Anseye Pou Ayiti

Direktè Enstiti Kotchin APA a devwale misyon, vizyon, ak estrateji ki dèyè inisyativ transfòmasyonèl sa a. Aprann plis sou sa ki fè enstiti sa a diferan nan domèn edikasyon, apwòch inik li nan kitchen, ak potansyèl li genyen pou pote yon chanjman pozitif nan ekosistèm edikasyon an. Vin aprann plis sou angajman APA genden pou ekselans ak enpak dirab.

1. Ki sa ki rasyonèl/motivasyon pou nou mete sou pye Enstiti Kotchin sa a? Nan yon mond ki plen inisyativ ak pwogram nan domèn edikasyon, ki sa ki fè Enstiti sa a diferan?

Repons: Aprè plizyè ane (2015-2023) eksperyans Anseye Pou Ayiti nan domèn Edikasyon, li reyalize kotchin se yon eleman vrèman enpòtan. Enpak pozitif li sou Sitwayen-Lidè yo ak kominote yo konvenk nou se yon domèn pou n envesti ladan l pou n akselere chanjman nou reve pou sistèm edikatif Ayisyen an. Nan sans sa a, apwòch kotchin  APA a vrèman pèsonalize an fonksyon de bezwen kotche a. Kotchin se mak fabrik pwogram Anseye Pou Ayiti. 

Kotchin se yon domèn ki poko fin pran pye an Ayiti, men gen yon bezwen pou li. Se poutèt sa, Enstiti sa pap sèlman fòme kotch pou domèn edikasyon. Kotch ki pral diplome nan Enstiti sa a pral gen konpetans k ap pèmèt yo akonpanye lòt pwofesyonèl nan lòt sektè tou. 

2. Èske w ka pataje avè nou plis sou misyon ak vizyon Enstiti Kotchin Anseye Pou Ayiti a?

Repons: Enstiti sa a rantre nan faz 2 mouvman APA, kote n ap travay pou ogmante enpak sal klas la pou l vin vizib nan kominote yo, paske sa ki ap konstui nan sal klas yo dwe reflete e vizib nan kominote yo. Donk, vizyon Enstiti a dekoule de vizyon APA an jeneral. Finalite a se kreye yon rezo nasyonal kotch ki pral bouste amelyorasyon ansèyman aprantisaj nan lekòl yo, epi enpakte diferan  sektè ki egziste kote kotchin pral gaye nan tout peyi a pou akselere chanjman nou bezwen an. Pandan n ap kontribye nan efò k ap fèt pou bay chak grenn Ayisyen menm opòtinite pou jwenn bon jan kalite edikasyon. 

3. Ki wòl Enstiti Kotchin lan pral genyen nan transfòme edikasyon ann Ayiti?

Repons: Kotchin nan APA pa sèlman vize amelyore travay nan sal klas la, men li devlope Sitwayen-Lidè yo kòm ajan chanjman. APA itilize yon apwòch Transfòmasyonèl. Konsa, Sitwayen-Lidè yo amelyore e yo viv chanjman yo reve a dabò epi ede aprenan yo viv li tou. Inisyativ sa a, pa mwayen kotch yo, pral akonpanye lekòl yo, kominote yo e lòt sektè nan peyi a. Sa ki pral replase edikasyon kòm priyorite nan kominote yo, men sitou yon edikasyon de kalite pou revolisyone sistèm edikatif la.    

4. Èske w kapab pataje yon ti enfòmasyon sou kourikoulòm ak pwogram fòmasyon Enstiti Kotchin lan pral ofri patisipan yo?

Repons: Kontni pwogram sa a konseptyalize pou ede patisipan yo devlope konpetans pou yo travay ak anseyan e nan lòt sektè ki pa sèlman nan edikasyon. Patisipan sa yo pral pwofesyonèl ki gen yon diplòm nan Syans Edikasyon oubyen lekòl nòmal deja. Enstiti a pral fè yon mizajou sou konpetans yo te genyen nan domèn pedagoji ak andragoji epi ajoute dòz Kotchin ak lidèchip. Fòmasyon sa a pral dire 4 lane, 2 lane kote kotch yo ap pran fòmasyon ak 2 lòt lane kote y ap travay nan yon lekòl patnè APA. 

5. Kòm Enstiti Kotchin lan genyen pou objektif pote yon chanjman pozitif nan sistèm edikatif la, ki fason n ap planifye pou nou mezire, swiv enpak li pral genyen sou lekòl yo ak kominote yo ann Ayiti?

Repons: Enstiti a pral evalye sou rezilta l bay nan fason reyèl/palpab. Plizyè endikatè pral evalye tankou rezilta aprenan yo, enplikasyon paran yo ak lòt aktè nan kominote a nan lavi lekòl la, enplikasyon aprenan yo nan kominote a kòm ajan chanjman, elt.  

6. Ki atant ak espwa alontèm ou genyen pou Enstiti Kotchin lan pandan n ap prepare pou lansman mwa Janvye 2024 la?

Repons: APA vle pou Enstiti Kotchin nan rete yon zèv perèn/dirab nan peyi a. Li vle pou Enstiti sa kontinye pèfeksyone pwofesyonèl ki ap chaje ak konesans,  konpetans ak mantalite nesesè pou yon chanjman dirab. Pou li pa yon enstitisyon anplis epi teyorik, men yon motè pou bay lidèchip transfòmasyonèl jarèt nan kominote a pou yon chanjman reyèl nan sistèm edikatif ayisyen an.        

7. Kijan edikatè yo ak lòt moun ki enterese nan pwogram Enstiti Kotchin lan kapab rete enfòme?

Repons: N ap ankouraje tout aktè pa ezite rete konekte ak nou. Nou prezan sou Facebook, Linked ak Instagram, sitou pandan moman rekritman yo. Pou tout aktyalite, rete konekte ak Enstiti a sou sitweb APA a ki se: www.anseyepouayiti.org. Pou tout kesyon, kontakte nou sou enstiti.adm@anseyepouayiti.org oubyen 50944802001. 

8. Ki mesaj ou genyen pou tout moun k ap tann pwogram sa a ak enpasyans, e kijan yo kapab kontribye nan siksè li?

2 pwen enpòtan:

  1. Tout pwofesyonèl ki swete patisipe nan pwogram sa a, pa ezite rete konekte ak nou pou tout aktyalite yo.  

  2. Tout aktè ki swete kolabore nan devlopman kominote yo, kontribye nan yon chanjman reyèl, vin mete men pou n konstui yon zèv ki ap dirab e sèvi kòm levye pou yon chanjman reyèl. Ou ka ede/kolabore nan fason w kapab, tankou pataje fidbak ou, ankouraje lòt pwofesyonèl postile nan pwogram sa a, elt. APA se pou Ayiti, se pou tout Ayisyen.          

*SL: Gradye pwogram Anseye Pou Ayiti